top of page
Rechercher

5 Konsèy de wa Salomon

Banm baw yon tikal sou kiyès wa Salomon te ye.


Nom Salomon vle di "pèzib"

Li se pitit wa David e'l te wa ki pi saj e pi rich nan bib la.

E se avèk madanm Urie wa David te fèl.


5 konsèy de wa Salomon ke w dwe mete an pratik.


1 - Kite Bondye dirije w

Pwovèb 16 : 1

Lèzòm fè lide nan kè yo. Men, dènye mo a nan men Bondye.


2 - kontwole pawòl kap soti nan bouch ou.

Pwovèb 12 : 18

Pawòl moun ki di tou sa ki vin nan bouch yo se kout ponya. Men, pawòl moun ki gen bon konprann se renmèd.


3 - Chwazi moun nap frekante yo byen

Pwovèb 13 : 20

Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.


4 - Gen lanmou pou travay

Pwovèb 14 : 23

Travay, w'a jwenn tou sa ou bezwen. Rete chita ap pale anpil ap rann ou pòv.


5 - Aprann pataje

Pwovèb 11 : 24 - 25

Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y'ap vin pi pòv.


Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.


Mèsi paske w pran titan pouw gade avèm, sa fèm plezi. Pataje I ak yon lòt ki vle konnen tou.


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing.informaticien

 
 
 

2 Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
Maestro Martineau
Maestro Martineau
Feb 01, 2024

Anplus lipa janm fe okenn jes

Like
Replying to

Mwen manke konprann bro

Like
bottom of page