7 kalite pou mache tankou Kris
- Camille J. Ralph Datus
- 19 janv. 2024
- 2 min de lecture

1 - Soumèt ak Volonte Bondye
Jan 4 : 34
Jezi di yo: Manje pa m', se fè volonte moun ki voye m' lan; se pou m' fin fè travay li ban m' fè a.
2 - Aprann renmen
Jan 13 : 34
Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.
3 - Ou dwe gen imilite
Filipyen 2 : 3
Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou.
4 - Ou dwe fidèl
Lik 4 : 8
Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore. Se li menm ase pou ou sèvi.
5 - Toujou kontan
Lik 10 : 21
Lè sa a, Sentespri a te fè kè Jezi kontan anpil. Jezi di konsa: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre ou pran bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li.
6 - Aprann padone
Matye 6 : 12
Padonnen tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.
7 - Aprann di non
Matye 5 : 37
Men, lè w'ap pale se wi ak non pou ou genyen ase. Tou sa ou mete an plis, se nan Satan sa soti.
Pa bliye chak fwa ou vizite sit la sa fé nou kontan, komantel patajel sa ap fè nou plis plezi.
Camille Jean Ralph Datus
Pasteur, ing.informaticien










Mesi