top of page
Rechercher

7 pawòl Jezi yo sou kwa ak tout siyifikasyon yo.

1 - Matye 27 : 46

Vè twazè, Jezi rele byen fò, li di: Eli, Eli lema sabaktani? (ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m' konsa?)


Jezi santi Bondye te abandonel pandan ke li te depoze tout peche mond lan sou dol epi l vire fas li paskel pat ka gade, Jezi te santi chay peche yo lou, e se pou premye fwa li te separe ak Bondye. Se te akonplisman profesi ki nan :


Sòm 22 : 1

Bondye, Bondye m', poukisa ou lage m' konsa? Poukisa ou rete lwen konsa, san pote m' sekou, san koute jan m'ap plenn lan?


2 - Lik 23 : 34

Jezi di: Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo tire osò pou separe rad li yo.

Moun ki te krisifye Jezi yo pat konsyan de gravite sa yo tap fè a, paske yo pat reyalize si reyèlman se te mesi a ki te anfas yo, Jezi tap priye paskel te gen konpasyon pou yo.


3 - Lik 23 : 43

Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la, se vre wi: Jòdi a ou pral avè m' nan paradi.


Sou pawòl sa yo Jezi asire you n nan kriminèl ki te avek li yo aprèl fin mouri lap avèk li nan syèl la. Li jwenn gras sa paskel te kwè nan Jezi e l te rekonèt kel te koupab.


Lik 23 : 42 : Epi li di Jezi: Chonje m' wi lè wa vin pran gouvènman an nan men ou!


4 - Lik 23 : 46

Jezi rele byen fò, li di: Papa, m' ap renmèt lespri mwen nan men ou. Apre l' fin di pawòl sa yo, li mouri.


Li remèt nan m li nan men papa l, sa vle di li te mouri e ke Bondye te asepte sakrifis li a, li ofri tèt li bay Bondye pou nou kòm yon viktim poutan li te san defo.


Ebre 9 : 14

nou pa bezwen mande kisa san Kris la p'ap fè. Avèk pouvwa Sentespri ki la tout tan an, li menm li ofri tèt li bay Bondye tankou yon ofrann bèt ki bon nèt, san okenn defo. Se konsa, san l' ap lave konsyans nou, l'ap delivre nou anba esklavaj lalwa k'ap touye nou an pou nou ka sèvi Bondye vivan an.


5 - Jan 19 : 26 - 27

Jezi wè manman l' ansanm ak disip li te renmen an toupre li. Li di manman l' konsa: Madanm, men pitit ou.

Li di disip la: Men manman ou. Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li.


Nan konpasyon Jezi li te vle asire l avan l mouri l jwenn yon moun ki reponsab pou pran swen manmanl.


6 - Jan 19 : 28

Jezi te konnen lè sa a tout bagay ki pou te fèt te fin fèt. Pou fè sa ki te ekri nan Liv la rive vre, li di: Mwen swaf.


Jezi akonpli profesi ki nan

Sòm 69 : 20 : Yo di m' gwomo jouk yo kraze kouraj mwen. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Mwen te kwè ta gen moun ki ta gen pitye pou mwen, men pesonn pa vini. Mwen te kwè ta gen moun ki ta vin konsole m', pesonn pa parèt.


Li di l swaf poul ka pouse solda women yo bal vinèg se te yon koutim chak fwa gen krisifiksyon, pou profesi a te kapab akonpli.


7 - Jan 19 : 30

Lè Jezi fin pran venèg la, li di: Tout sa ki pou te rive rive! Apre sa, li bese tèt li, li mouri.


Se te denye pawòl Jezi pou te montre ke soufrans li fini e ke tout sa papa l te bal fè yo li te fè yo jan sa te dwe fèt. Preche Levanjil, fè mirak, e jwenn sali etènel pou pèp la. Dèt peche nou te peye.


Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏🏽


Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing.informaticien

 
 
 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page