top of page
Rechercher

Chante se priye 2 fwa, eske se vre?


Anpil nan kretyen pwotestan yo gen abitid di pawòl sa, pa bliye pawòl sa pa biblik. (sa koz anpil nan nou vin parese)


Kesyon : Si chante se priye 2 fwa, e danse?


_ Saint Augustin ki te di pawòl sa a di: Byen chante, se priye 2 fwa


Manvi konprann mesaj otè a te vle fè pase a, paske gen nan sitiyasyon ou ye, ou plis anvi chante kew priye.


Lòt bagay lèw nan yon asanble ki mete tèt yo ansanm, timoun kou granmoun nan yon sèl objektif yap chante yon kantik. wawww..


Men sam vle pataje avèk nou jodia : priye se priye, chante se chante

Yo chak gen enpotans pa yo


Nan Jak 5 : 13 li di : Si yon moun nan nou ap soufri, se pou li lapriyè. Si yon moun nan nou gen kè kontan, se pou l' chante kantik.


Gen de konba wap mennen, se nan lapriyè pouw rete.


Menm jan sa ekri nan

1 Tesalonisyen 5:17 : pa janm sispann lapriyè


Lik 21 : 36 di nou : Pa kite dòmi pran nou, lapriyè tout tan; konsa n'a gen fòs pou n' chape anba tou sa ki gen pou rive, pou n' ka kanpe dwat devan Moun Bondye voye nan lachè a.


Ou ka kite avi paw nan espas kòmantè a

Epi Patajel ak yon lot zanmi


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur,ing.informaticien

 
 
 

1 commentaire

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
Michecar Datus
Michecar Datus
15 janv. 2024

Bon travail

J'aime
bottom of page