top of page
Rechercher

Diferans ant Pastè & Reveran

Pastè a li vini de 2 mo grèk episkopos e episkopeo ki vle di veye, pran swen, gide epi nouri.


Jan 10 : 15

Mwen menm, mwen se gadò mouton yo. Papa a konnen m', mwen konn Papa a. Konsa tou, mwen konnen mouton m' yo. Yo menm tou yo konnen mwen


Pi souvan pastè plis konsidere kom yon bèje,

Jan 10 : 11

Se mwen menm ki bon gadò mouton yo. Bon gadò a ap bay lavi l'pou mouton l'yo.


Pastè se pa sèlman yon tit men se yon fonksyon.


Reveran se yon adjektif kalifikatif ki soti nan vèb revere, ki vle di onore, venere, trete avek anpil respè.


Donk lè w fè yon reverans avek yon moun sa vle di ou prostène devanl


Kiyes nou dwe revere lòm oubyen Bondye?

Nan Revelasyon 4 : 11 li di

O Bondye, Mèt nou, ou merite pou ou resevwa lwanj, respè ak pouvwa. Se ou menm ki fè tout bagay. Si yo la, si yo gen lavi, se paske ou vle l'.


Sèl Bondye ki gen dwa a reverans, se li menm ki merite glorifye, venere, onore...

Nou dwe respekte bèje nou kap ede nou veye sou nan m nou, menm jan sa ekri nan :


Ebre 13 : 17

Obeyi chèf nou yo, soumèt devan yo. Se tout tan y'ap veye sou nanm nou paske yo gen pou yo rann Bondye kont pou travay yo. Si nou obeyi yo, y'a fè travay yo ak kè kontan. Men, si nou pa obeyi yo, y'a fè l' ak kè sere. Lè sa a, p'ap gen okenn avantaj pou nou.


Men pa bliye ke Bondye bay 5 ministè ke nou tout konnen men ki pa gen okenn atribi devan yo, e pa bliye se pa tit kap mennen nou nan syèl men se sa nou fè, se jan nou tap sèvi Bondye.


Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avè m, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt.


Siw ta renmen patisipe avek nou, nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing.informaticien


 
 
 

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
bottom of page