Eske 2 Kretyen ki marye ka fè planin?
- Camille J. Ralph Datus
- 24 févr. 2024
- 2 min de lecture

Planing : se yon mo anglè ki vle di planifikasyon.
Mwen gendwa fin marye mwen menm ak patnè m nou konsanti nou di nou poko ap fè pitit, paske moman an pa favorab.
Pa gen yon kote nan bib la ki di m paka fè planin.
Nan Jenez 1 : 28a
Li ba yo benediksyon, li di. Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a. Donte tè a.
Anpil nan nou gen yon konpreyansyon ki tou fèt nan tèt nou, ki fè nou pa mete nou nan kondisyon pou n konprann sa ki verite a.
Wi li di pou n fè anpil pitit, men li di tou pou nou mete kontwòl.
Nan 1 timote 5 : 8 li di :
Si yon moun pa pran swen fanmi l', sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye.
Lè yon moun ou paka pran swen fanmi w, okipe pitit ou, ou peche paske timoun sa yo ka vini gwo danje pou sosyete yap viv la.
Gen de bagay se sajès kap fè w konprann yo.
Nan 1 korint 3 : 16-17 li di :
Eske nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou?
Enben, si yon moun kraze tanp Bondye a, Bondye ap kraze l'tou. Paske tanp Bondye a se yon bagay ki apa pou li. Se nou menm ki tanp Bondye a.
Lè yon fanm fin fè yon timoun selon la medsin li sipoze kite kòl pran tan poul repare, sinon lap detwi kòl ki se tanp Bondye a.
Fè pitit bon, e se yon kado Bondye bay, men fòk ou ka pran swen yo.
Sòm 127 : 3
Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa.
NB : Pa kite moun twonpe nou, itilize sajès Bondye bay pou nou viv.
Mèsi paske w pran titan pouw gade avèm, map pi kontan toujou si w patajel ak yon lòt.
Siw ta renmen patisipe avèk nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing.informaticien










Commentaires