top of page
Rechercher

Eske bèt yo ka peche ?

Daprè bib la peche se dezobeyisans kont lalwa Bondye. Se lè ou rebele nan pansew, nan pawòl ou ak nan aksyon w.


Bèt yo pa rebele kont Bondye men lòm fè l.


1 Jan 3 : 4

Tout moun ki fè peche, se dezobeyi yo dezobeyi lalwa Bondye, paske peche se dezobeyisans lalwa.


Lè Bondye te kreye mond lan, peche pat egziste.

Jenèz 1 : 31

Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon nèt. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te sizyèm jou a.


Peche te rantre nan mond lan paske lòm te dezobeyi

Jenèz 3 : 11

Seyè a, Bondye a, di l'. Ki moun ki di ou te toutouni? Eske ou te manje fwi pyebwa mwen te di ou pa manje a?


Rom 5 : 12

Se poutèt yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche.


Akòz dezobeyisans Lèzòm lemond vin modi e bèt yo afekte tou.


Bèt yo pa konn peche. E yo paka fè peche tou paske yo pat kreye kòm ajan moral. Pou n rele yon peche peche fok gen vyolasyon de yon lwa.


Rom 2 : 15

Konsa, yo moutre ki jan sa lalwa Moyiz mande a ekri nan kè yo. Konsyans yo moutre sa tou paske yon lè konsyans yo repwoche yo sa yo fè, yon lòt lè konsyans yo dakò ak sa yo fè.

Lòm kreye avèk imaj Bondye epi yon nanm etènel.


Lè Bondye tap kreye lòm li te soufle nan nen li epi li vin yon nanm vivant e nanm sa li gen yon konsyans ladan ak konesans byen ak mal.

Lòm gen kapasite poul fè chwa tou depan de jan ka a prezante a.Bèt yo pa konsa.


Jenèz 2 : 7

Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l' ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan.


Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏🏽


Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing.informaticien

 
 
 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page