top of page
Rechercher

Eske chwa mizik nap tande enpotan?

Ou renmen mizik menm jan avè m? Si wi atik sa ap edew dekouvri avantaj epi evite danje ki genyen lèw pa byen fè chwa mizik pou w tande.


Lè wap preparew pouw soti, lè w pral monte machin, lè wap detann ou, lè wap fè netwayaj ou toujou tande mizik.


Avantaj


Mizik se tankou manje lè kantite a rezonab epi aliman an byen ekilibre lap genyen yon efè pozitif sou sante w.


  1. Mizik ka fè w santiw byen e dispoze.

Egzanp : Siw te pase yon move jounen epiw tande mizik prefere w lan otomatikman wap santiw mye.


2. Mizik ka raplew yon bon souvni.

Egzanp : Yon mizik chak fwa w tandel li raplew yon bon moman sa fèw santiw byen lè wap tandel.

3. Mizik ka edew devlope kalite lakay ou.

Egzanp : Aprann jwe yon enstriman ka edew gen plis disiplin ak pasyans.

Se pa yon bagay kew ka metrize rapidman. Yon sèl fason ou ka amelyore se pandan wap pratike.


Fè atansyon ak mizik wap tande menm jan ou fè pou manje wap manje.

Danje


Kèk mizik wap tande kapab vin yon danje pou ou. Ann gade poukisa?


  1. Anpil mizik gen pawòl imoral

Egzanp : Anpil mizik ki alamòd pale de seksyalite. Lontan yo te konn kache yo nan fason yap itilize mo yo, kunya yo lagel jan lye a.


Efezyen 5 : 3

Se moun Bondye nou ye, konsa pawòl ki konsène imoralite seksyèl, bagay sal, ak move lanvi pa ta dwe jann soti nan bouch nou.


2. Gen mizik ki ka rann ou tris

Egzanp : Lè w yon kote poukont ou epi wap tande yon mizik ki fè w deprime. Yon mizik tris ka dezaktive w.


Pwovèb 4 : 23

Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.


3. Gen mizik ki ka fèw an kolè e menm mete move lide nan tèt ou.


Egzanp : Yon mizik kap prone vyolans sou tout fòm, yon mizik konsa ka chanje karaktè w fè w fè nenpòt vye bagay.


Kolosyen 3 : 8

Men kounye a, ann voye bagay sa yo jete nan lavi nou: fè kolè, vyolans, di oubyen fè bagay pou fè moun mal, di moun gwo mo pou ensilte yo.


NB : Atansyon ak chwa mizik nap fè pou n tande, sa ka gen gwo enpak sou sante espirityèl ak fizik nou.


Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏🏽


Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing.informaticien

 
 
 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page