top of page
Rechercher

Eske lè yon moun tonbe nan peche, se lapide pou n lapidel ?

Yon refleksyon biblik sou lanmou, gras, ak korèksyon nan mitan pèp Bondye a.

Nan lavi kretyen, nou tout ap fè fas ak feblès, tantasyon, ak defo. Men kesyon ki soulve souvan lè yon frè oswa sè tonbe nan peche se: Èske se jije ak kondane pou n kondane l, oubyen se leve nou dwe chache leve li alk lanmou? Bib la gen anpil bagay pou l di sou sa.


1. Nou tout fè peche – Donk pa gen plas pou jije san lanmou

Bib la di klè:

“Paske tout moun fè peche, yo tout manke laglwa Bondye te vle pou yo genyen.”— Women 3:23

Si nou rekonèt ke nou tout se pechè, sa vle di okenn nan nou pa gen dwa jete wòch sou lòt si se lanmou ki ap gide nou. Lè Jezi te rankontre fanm ke yo te kenbe ap fè adiltè a, yo te vle lapide l, men repons Jezi te bay ki te plen AK sajès:

"Moun ki pa janm fè peche a, se li ki gen dwa voye premye wòch la."— Jan 8:7

Youn pa youn, tout moun ki te pare pou jije fanm lan te kite plas la. Jezi pat apwouve peche a, men li te montre lanmou, gras, epi li te ba li chans pou repanti.


2. Koreksyon se pa kondanasyon – Li dwe fèt ak lanmou

Lè yon moun tonbe, sa pa vle di nou dwe fèmen baryè, gaye move nouvèl, oswa mete li deyò. Olye de sa, Bib la di:

“Frè m yo, si youn nan nou tonbe nan peche, nou menm ki mache ak Lespri a, se pou nou eseye mete li sou bon chemen ankò avèk dousè.”— Galat 6:1

Dousè a pa feblès – li se fòs ki soti nan lanmou ak konpasyon. Si nou tounen figi nou ak mechanste, nou pa aji tankou Kris. Nou pa dwe bay plas pou kritik ak rejè, men pou rekonsilyasyon.


3. Leson sou lanmou ak padon

Jezi te montre nou kijan pou nou trete moun ki fè erè:

“Mwen pa vin rele moun ki dwat, men pechè yo pou yo ka repanti.”— Lik 5:32

Li pa t chita ak pechè paske li t ap apwouve sa y ap fè, men paske li t ap chèche sove yo. Nou menm tou, lè nou wè yon frè oswa yon sè ki tonbe, se pa tan pou n mete etikèt sou yo, men tan pou n mache avè yo nan restorasyon.


4. Vrè lanmou pa kouvri peche, men li ede geri l

Lanmou pa vle di nou tolere peche tankou si li te bon. Okontrè, lanmou pouse nou fè sa ki bon pou nanm frè nou an.

"Si yon frè fè yon peche kont ou, ale kote li an prive pou montre li fòt li. Si li koute ou, ou ranpòte frè ou a."— Matye 18:15

Nou pa tolere peche, men nou pa ni jije li ak kè di. Nou chache sove, pa detwi.☝️


Konklizyon: Pa lapide, men leve ak lanmou

Lè yon moun tonbe, repons nou pa dwe se jete wòch sou li. Olye de sa, se pou nou imite Jezi:

  • Reponn ak lanmou

  • Korije ak dousè

  • Ede moun lan leve, pa mete l pi ba

  • Chache restorasyon, pa detwi relasyon

"Lanmou kouvri anpil peche."— 1 Pyè 4:8

Kidonk, ann sispann jete wòch, e ann koumanse ouvri bra nou. Paske jodi a se frè nou ki tonbe, demen se ka nou menm.🙏


Mèsi paske w te pran titan pou w te gade avèk nou nap pi kontan toujou siw pataje l avèk yon lot moun 🙏


Siw ta renmen patisipe avèk nou nan gwoup ansèyman Bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing. Informaticien

 
 
 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page