top of page
Rechercher

Eske lèw sove ou sove nèt?

Men sa bib la di nan

Jan 6 : 44

Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye m' lan pa rele l' vini. Mwen menm, m'a fè l' leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.


You n nan bagay mvle pou nou pa janm bliye, Bondye te gentan konnen tout bagay avan menm nou te egziste, sa vle di li te gentan konnen kiyès kap asepte swiv li ak moun ki pap asepte.


Nan Efezyen 1 : 4 - 6 li di :

4 Nan Jezikris, Bondye chwazi nou anvan menm li te kreye lemonn. Li chwazi nou nan amou li, pou n vin yon pèp sen pou li, san fot devan je l. 5 Se sa k fè, depi byen lontan, li deside l ap adopte nou kòm pitit li pa mwayen Jezikris. Li fè sa pou bon plezi pa l. 6 Konsa, tout moun va wè grandè gras li pou nou pa mwayen Jezi, Pitit byeneme l la. Tout moun va fè louwanj pou gras li.


Se sak fè gen moun ki pap janm kwè menm lèw ta pase tout viw sou tè sa ap prechel.


Nan Jan 10 : 26 li di :

Men, nou pa kwè paske nou pa fè pati mouton m' yo.


Poun fini ann gade nan

Efezyen 1 : 11-14

11 Nan Kris, Bondye chwazi nou pou nou vin pèp li. Li te deja planifye pou nou vin pèp li, paske se sa menm li vle. Bondye deside kijan tout bagay ap pase epi li fè tout bagay pase nan jan pou l reyalize plan l. 12 Se poutèt sa, nou menm ki te gentan mete konfyans nou nan Kris la, an n fè louwanj pou glwa Bondye. 13 Se menm bagay la pou ou tou, lè ou te tande mesaj verite a, Levanjil ki sove w la, ou te kwè nan Kris. Kidonk poutèt Kris, Bondye te mete sou ou sa Sentespri li te pwomèt la. 14 Sentespri a se avalwa ki garanti n ap jwenn tout sa Bondye gen pou nou kòm eritaj. Apre sa, Bondye gen pou ban nou libète nèt, nou menm ki pou li. Konsa, tout moun va fè louwanj pou glwa Bondye.


Mèsi paske w pran titan pouw gade avèm, sa fèm plezi, pa bliye patajel ak yon lot moun.


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur,ing.informaticien

 
 
 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page