Eske Marie manman Jezi te rete vyèj pandan tout lavi l?
- Camille J. Ralph Datus
- 15 avr. 2024
- 2 min de lecture

Ann fè yon ti gade tèks sa yo avèm,
Mak 3 : 31
Apre sa, manman Jezi ak frè l' yo vin rive. Yo kanpe deyò a, yo fè rele li.
Lik 8 : 19
Manman Jezi ak frè l' yo te vin kote li. Men, yo pa t' kapab rive pre li akòz foul moun yo.
Jan 2 : 12
Apre sa, li ale lavil Kapènawòm ansanm ak manman l', frè l' yo ak disip li yo. Yo pase de twa jou la.
Matye 13 : 55 - 57
Se pa pitit bòs chapant lan? Se pa Mari ki manman li? Se pa frè Jak, Jozèf, Simon ak Jid li ye?
Apa tout sè l' yo la avèk nou. Kote l' jwenn tout bagay sa yo?
Anpil moun ap mande kote ide sa soti.
Ebyen se youn nan premye pè legliz la ki te rele Jerôme nan katriyèm syèk ki te propoze sa, ke frè vle di kouzen tou nan lang ebre a (achim), se yon fason poul ka kore sal di a.
Gen anpil lòt bagay yo di ankò... tankou
Ann gade sa labib di
Nan nouvo testaman an ki ekri nan lang grèk la li fè diferans la trè byen pou nou. Frè (Adelphos) e kouzen (anephios), si se pat verite pasaj sa tap tradwi konsa :
Paske, tout moun ki fè sa Bondye mande yo fè, se moun sa yo ki frè m' (kouzenm) 🤔, ki sè
m', ki manman mwen. Mak 3 : 35, sa pa gen okenn sans epi mpa wè poukisa kouzen Jezi yo tap toujou avèk matant yo olye manman yo.
Lik presize ke Jezi te premye pitit nan lang grèk la (prôtotokos), Donk sil te fèt san frè ni sè tèm nan tap (monogenès).
Matye presize ke Joseph pat gen relasyon ak Marie avan ke Jezi te fèt.
Matye 1 : 25
Men, Jozèf pa t' kouche ak Mari, jouk lè li te fin akouche yon ti gason. Jozèf te rele pitit la Jezi.
Mpanse ke nou konprann kounya ke Marie pat rete vyèj jiskaskel mouri, men pito li te manman yon fanmi ki te gen anpil pitit aprè l te fin fè sovè nou an.
Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm,map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏🏽
Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing.informaticien
Comentarios