top of page
Rechercher

Eske mastibasyon se peche?

Pa vrèman gen okenn kote nan bib la ki mansyone ke mastibasyon se peche.


Anpil moun konn baze sou istwa Onan an pou fè nou konprann ke l peche.


Jenèz 38 : 9 - 10

Men Onan te konnen pitit la pa t'ap pou li. Se konsa, chak fwa li kouche ak madanm frè li a, li voye atè pou li pa t' fè pitit pou frè li a.


Sa l' t'ap fè a pa t' fè Seyè a plezi. Se konsa Seyè a fè l' mouri tou.


Bondye pat gen pwoblem ak Onan paske l tap voye deyò men Bondye te kondane Onan paske l pat vle pran responsablitel poul te bay yon eritye ak frè l la. Men pasaj la pa pale de mastibasyon. Men pito responsablite familyal.


Yon lòt pasaj ankò

Aprè Jezi fin preche sou konvwatiz li di :


Matye 5 : 27 - 30

Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: Piga ou janm fè adiltè.


Mwen menm, men sa m'ap di nou: Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l' nan kè l'.


Si se grenn je dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l' voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl manm nan kò ou, pase pou yo voye tout kò ou nèt jete nan lanfè.


Si se men dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l' voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl nan manm ou yo, pase pou tout kò a nèt al nan lanfè.

Pasaj sa ankò pa gen rapò ak mastibasyon
Sa vle di ke labib padi fòmèlman ke mastibasyon se peche.

Men sa mwen vle nou konnen mastibasyon se fri panse nou, sa vle di se konvwatiz ak imaj pònografik ki ka bay posiblite ak mastibasyon. Se yon pwoblem ke nou dwe rezoud, ki p'ap fasil pou yon moun ki gentan ankre. Men gen yon bagay ke w ka fè se aprann oryante panse w sou lòt bagay. Li labib, priye, chante, fè espò...


Ann fè yon koudèy nan pasaj sa yo, petèt yo ka ede nou konprann pi byen.


Efezyen 5 : 3

Se moun Bondye nou ye, konsa pawòl ki konsène imoralite seksyèl, bagay sal, ak move lanvi pa ta dwe jann soti nan bouch nou.


1 korint 10 : 31

Se sak fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l' pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.


1 Korint 6 : 9

Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason,


Donk daprè labib mastibasyon se peche paskel pa glorifye Bondye. E se bagay kap mennen nou nan imoralite.


Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏🏽


Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing.informaticien


 
 
 

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
bottom of page