Eske nou youn ap rekonèt lòt lè nou rive nan syèl la?
- Camille J. Ralph Datus
- 25 janv. 2024
- 1 min de lecture

Men sa bib la di nan
Matye 8 : 11
Mwen p'ap kache di nou sa: anpil moun va soti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a vin chita sou tab ansanm ak Abraram, ak Izarak, ak Jakòb nan Peyi Wa ki nan syèl la.
- Si menm moun sa yo nou pat konnen oparavan epi nap gen chans pou n idantifye yo, mpa bezwen di pou moun nou te konnen trè byen.
Egzanp
Non m rich la pandan l te nan soufrans li te gen chans wè Laza e menm idantifye Abraham.
Lik 16 : 23
Pandan l' te kote tout mò yo ye a nan mitan soufrans, li voye je l' byen lwen li wè Abraram ak Laza ansanm avèk li.
David te konnenl te gen pou l wè pitit li a ankò e li pat gen dout ke lap rekonèt li.
2 Samyèl 12: 23
Men, koulye a, pitit la mouri, sa m' bezwen rete san manje toujou fè? Eske mwen ka fè l' leve ankò? Yon jou se mwen ki gen pou ale kote l' ye a. Men li menm, li p'ap janm ka tounen vin jwenn mwen ankò.
Ou gen pouw idantifye madanm ou, oubyen mari w, men w pap kapab ni marye ni gen menm lyen an ankò.
Matye 22 : 30
Lè mò yo va gen pou leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la.
Mespere lè w fin li ou pa gen dout sousa ankò. Bondye beni w
Pa bliye patajel epi kite yon kòmantè
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur,ing.informaticien










Kesyon mw genyen . Yo la bible parle se 144000 zanj ki pral renye avel nan syel la e lot moun yo kote yap viv ?
Mwen kontan travay la frem sa fem anpil plezi jou sa ap yon gran jour vre wi