Eske se tout moun ki misyonè?
- Camille J. Ralph Datus
- 13 mai 2024
- 4 min de lecture

Tèm misyonè a soti nan Laten "misyo " ki vle di "voye" an grec "apostolòs" ki vle di "apot " anvwaye avèk yon misyon espesifik.
Travay 13 : 47
Men lòd Bondye te ban nou : Mwen mete ou pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo, pou ou kapab ale toupatou sou latè, moutre ki jan tout moun ka jwenn delivrans.
Pòl se te yon jwif premye syèk aprè rankont li avèk Jezi li te vin apot ki te pi zele. Li menm ak konpayon li Barnabas te resevwa yon apèl espesyal ki se apèl misyonè Dye te etabli yo pou yo te vin limyè pou nasyon yo epi pou yo te pote sali nan tout mond lan.
Ezayi 49 : 6c
M'ap fè li sèvi tankou yon limyè pou lòt nasyon yo, pou dènye moun sou latè ka konnen ki jan mwen menm mwen delivre!
Pòl di ke Bondye te byen defini misyonl lan paske se li menm ki trase wout pou chak sèvitè l yo.
Galasi 1 : 1
Mwen menm Pòl, se pa moun ki te chwazi m', ni Bondye pa t' voye yon moun chwazi m', men se Jezikri menm ki te chwazi m' pou sèvi apòt, ansanm ak Bondye Papa a ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò.
Apèl misyonè vini de Bondye e depan n totalman de li.
Matye 9 : 37 - 38
Lè sa a, li di disip li yo: Rekòt la anpil, men manke travayè pou ranmase l'.
Mande mèt jaden an pou li voye travayè nan jaden l' lan.
Bondye se mèt mwason an se li menm kap chwazi ouvriye li vle epi voye yo kote li vle.
Loske ou gen apèl misyonè ou gen misyon pouw anonse levanjil nan tout mond lan.
Matye 24 : 14
Fòk yo gen tan mache bay bon nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesaj la. Se lè sa a atò lafen an va rive.
Travay 1 : 8b
Lè sa a, n'a sèvi m' temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.
Deviz misyonè a se levanjil san fontyè
Misyonè a gen pou devwa aprann pale lòt lang (se pa nan domi wap konn fèl) epi chache adapte l ak lòt kilti yo.
1 korint 9 : 20 - 22
Lè m'ap travay nan mitan moun ki jwif, mwen viv tankou yon jwif pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la. Mwen pa anba lalwa Moyiz la. Men, mwen viv tankou si m' te anba l' lè m'ap travay nan mitan moun ki anba lalwa a, pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la.
Konsa tou, lè m' nan mitan moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv tankou yo san m' pa okipe lalwa a, pou m' ka mennen yo vin jwenn Kris la. Sa pa vle di pou sa mwen pa obeyi lalwa Bondye a. Paske mwen menm, mwen anba lalwa Kris la.
Avèk moun ki fèb nan konfyans yo, m'ap viv tankou si mwen menm tou mwen te fèb, pou m' sa mennen yo vini. Konsa konsa, mwen fè m' tout jan ak tout moun pou m' ka sove kèk nan yo pa tout mwayen posib.
Tout moun ki paka pran fòm kote lal preche a li paka misyonè.
Yon misyonè se yon moun ki san fason, ki chaje ak imilite e ki renmen aprann.
Sali se youn nan bagay ke tout moun bezwen ke tout lot bagay kelkeswa ras ou, kelkeswa koulèw. Sali se richès ki pi enpòtan an.
Mak 8 : 36
Kisa sa ta sèvi yon moun pou li ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li?
Travay 13 : 47
Men lòd Bondye te ban nou: Mwen mete ou pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo, pou ou kapab ale toupatou sou latè, moutre ki jan tout moun ka jwenn delivrans.
Siw responsab pouw pote limyè bay sa yo ki nan fènwa otomatikman ou atake elmi an sou terenl. Limyè se sinonim verite. Sa vle di misyonè a ap pote verite bay sa yo ki nan erè. Apèl misyonè a enplike yon gran konba espirityèl.
Travay 26 : 18
pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo soti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a.
Apèl misyonè gen doub dimansyon li pèsonel epi li kolektif.
Pèsonel : Bondye di Pyè poul preche espesyalman jwif yo e li di Pòl poul preche tt nasyon yo. Chak apot yo te gen chan daksyon pa yo
Kolektif : Lè yon moun gen yon misyon pèsonel li pap ka ranpli l poukont li lap bezwen kolaborasyon tout rès legliz la pou edel ranpli vokasyon misyonè li a.
Menm jan Pòl te etabli lyen ak plizyè legliz pou te edel nan premye misyon li.
Filipyen 4 : 15 - 16
Nou menm, moun lavil Filip, nou byen konnen sa m' pral di nou la a. Lè mwen kite peyi Masedwan, lè yo te fenk konmanse ap pibliye bon nouvèl la, se nou menm sèl legliz ki te ede mwen. Se nou menm sèl ki te separe sa nou genyen avè m' pou sa m' te fè pou nou.
Lè m' te lavil Tesalonik, an de fwa nou voye sa m' te bezwen ban mwen.
NB : Chache konnen apèl paw la pouw ka fè travay mèt ou jan sa dwe fèt e nan dènye jou a pouw ka jwenn bèl kouwòn ki rezève pou ou a.
Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏🏽
Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing.informaticien
Comments