Eske se tout sekrè ou dwe pataje?
- Camille J. Ralph Datus
- 16 janv. 2024
- 2 min de lecture

Kisa yon sekrè ye?
Yon sekrè se yon bagay ou paka revele,
oubyen w paka pataje ak Tout moun.
Anpil moun panse pou yo se yon vrè kretyen, fòk yo pataje tout lavi yo ak moun.
NB : Gen de bagay se sèl Bondye ki ka konnen l, paske gen de bagay ou pataje ak moun laviw ka tou fini.
Se youn nan rezon menm temwanyaj wap bay legliz fòk ou pridan paskel ka tounen kont ou.
An nou pran egzanp de "Samson"
Paran li te konnen sekrè li, men yo pat janm pataje sa
Nan jij 13 : 5 li di : Paske ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm koupe cheve nan tèt li, paske depi nan vant manman l', se yon gason k'ap viv apa pou Bondye tankou nazirit yo l'ap ye. Se li menm ki pral konmanse travay pou delivre pèp Izrayèl la anba men moun Filisti yo.
Poutan Dalila(madanm li) annik konnen sa, li livrel bay lelmi yo.
Jij 16 : 17-18
17- Bout pou bout li ba li sekrè a, li di l' konsa: -Mwen pa janm koupe cheve nan tèt mwen. Se yon nazirit mwen ye, yo mete m' apa pou Bondye depi nan vant manman m'. Si yo koupe tout cheve nan tèt mwen, m'ap pèdi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun.
18 - Lè Dalila wè Samson te ba l' sekrè a, li voye rele chèf moun Filisti yo, li di yo: -Fwa sa a, nou mèt vini, paske li ban m' sekrè a. Chèf moun Filisti yo vin jwenn li. Yo tou pote lajan an avèk yo.
Konsèy : Evite pataje sa ki ka detwi w, fanmi w, zanmi w, si w pagen revelasyon pou sa.
Pa bliye kite yon kòmantè, sa ap fè nou plezi
Ou ka enskri tou siw ta renmen vin manb
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing.informaticien










Commentaires