top of page
Rechercher

Eske li bon pou fè konfyans ak yon moun?

Jeremi 17 : 5 - 6

Men sa Seyè a di ankò: -Madichon pou moun ki vire do ban mwen pou mete konfyans yo nan moun parèy yo, pou konte sou sa moun ap fè pou yo.


Y'ap tankou yon ti pyebwa nan dezè k'ap pouse nan yon tè sèk, san dlo, nan yon tè sale kote pèsonn pa rete. Yo p'ap janm wè zafè yo mache byen.

Depiw mete konfyans nan moun selon bib la madichon pou ou, sa merite yon ti explikasyon.

Eske reyèlman Bondye pavle pou n gen konfyans nan moun? mwen pa kwè sa si non mond lan patap gen sans. Paske si w gen yon domèn ke wap evolye epi ou gen yon staf avèw ou dwe kwè nan yo, kwè nan kapasite yo.


Anplis pouw ap evolye nan yon zòn pou w pata gen yon zanmi pouw konfye w ak li.


Pwovèb 17 : 17

Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou.


M kwè pito konfyans ke pasaj la ap pale a se yon konfyans egzajere, sa vle di ou rive nan yon nivo ou menm konsidere moun nan kòm idòl ou, mete tout espwa w sou li e menm bal plas Bondye nan laviw paske w panse li ka fè tout bagay pou ou.


Women 1 : 25

Yo vann verite a sou Bondye nan bay manti. Yo adore epi yo sèvi bagay Bondye kreye, olye yo adore Kreyatè a, Bondye beni an ki merite adorasyon pou tout tan. Amèn.


Siw kwè nan moun jiskaske pouw ta adore li, wap rale madichon sou ou.


Galasi 3 : 13

Kris la delivre nou anba madichon lalwa lè li te pran madichon an nan plas nou. Se konsa sa te ekri nan Liv la: Madichon pou moun yo pandye sou bwa a.


Konsèy : Siw te konn gen konfyans nan yon moun de fason egzajere pafè sa ankò sa gen danje ladan.


Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏🏽


Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing.informaticien

 
 
 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page