top of page
Rechercher

Eske se yon pwoblèm si kretyen fè tatou oubyen pèse twou nan kò yo?

Lòm kreye avèk imaj Bondye, sa vle di nou te gen mak li sou nou, men malerezman dezobeyisans fè nou pèdi etikèt sa.


Men avèk plan redanmsyon an moun ki kwè yo vin genyen yon nouvo mak ki se Sentespri.


Nan Efezyen 1 : 13

Se menm bagay la pou ou tou, lè ou te tande mesaj verite a, Levanjil ki sove w la, ou te kwè nan Kris. Kidonk poutèt Kris, Bondye te mete sou ou sa Sentespri li te pwomèt la.


Lè gen twou, yon mak oubyen yon nimewo sou kòw se yon siy ki di ke ou gen mèt, menm jan yo te konn make bèt yo ak esklav yo.


Egzanp : Nazis yo te konn make prizonye yo pou yo te kapab montre ke se pa yo.


Nan Levitik 19 : 28 li di :

piga nou make kò nou avèk kout kouto, ni piga nou fè desen ak lank sou kò nou. Se mwen menm ki Seyè a!


Men rezon ki fè Bondye entèdi sa nan :

1 korint 6 : 19 - 20

Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò.


Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.


Kesyon tatou oubyen mak la pale anpil nan Apocalypse ki se dènyè liv nan bib la, li pale sou profesi ki gen pou akonpli nan dènye tan an...ki se mak bèt la, sa vle di Antikris, se yon sòt de tatou, mak oubyen pis...ke w va genyen pouw mete siw vle nye Bondye pouw pa mouri.


Atansyon pa kite pyès moun twonpe nou ni enfliyanse nou, pa gen pyès moun ki make kò yo pou sa pagen konsekans.


Matye 24 : 4

Jezi reponn yo: Atansyon pou pesonn pa twonpe nou.


Mèsi paske w pran titan pouw gade avèm, sa fèm plezi, patajel ak yon lòt ki vle konnen.


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing.informaticien

 
 
 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page