top of page
Rechercher

Eske sentespri ka chanje mesaj li bay yon predikatè?

Anpil predikatè renmen disa

" sentespri chanje mesaj la nan menm "


Sentespri omnisyan e li omnipotan, li konn tout sak pral pase kelkeswa kote li pral pase a, li pap bezwen se lè yon adorasyon fin fèt poul pral chanje mesaj okontrè, se aprè adorasyon an nou konn ap wè poukisa se mesaj sa Sentespri te ban nou si tout fwa nou te konsiltel avan nou prepare mesaj la.


Ann pa kite nou enfliyanse pa sikonstans yo oubyen sa nou konnen ki ap pase anndan asanble yo poun prepare mesaj yo men pito ann mande Sentespri Bondye ki nan nou an poul oryante nou e ban nou pawòl li vle nou pataje ak pèp li a chak fwa nou pral gnyen poun pote mesaj pawòl Bondye a.


Nan 2 Pyè 1 : 21 li di : Paske, pwofèt yo pa t' janm bay mesaj paske yo menm yo te vle. Okontrè, se Sentespri ki te pouse yo lè yo t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye.


N.B : Lap plis fasil pouw pale selon ou menm lèw pa prepare an akò ak sentespri.


Chak fwa ou vizite site nou an sa fè nou plezi, lèw enskri oubyen kòmante menm, nou plis kontan.


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing.informaticien

 
 
 

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
bottom of page