Eske si yon moun vini pou l touye m mtouye l avan m peche?
- Camille J. Ralph Datus
- 20 mars
- 2 min de lecture

Lavi se yon kado Bondye bay, e Li vle nou valorize li. Men, lè nou menase, èske nou ka defann tèt nou san nou pa peche? Bib la ofri plizyè prensip sou sijè sa, e li mande sajès pou n konprann balans lan ant lanmou, jistis, ak pwoteksyon tèt nou.
Bib la ak pwoteksyon tèt nou
Bib la pa kont yon moun defan n tet li. Gen plizyè pasaj ki montre ke Bondye bay pèp li dwa pou yo pwoteje lavi yo:
Ekzòd 22:2 – "Si yon vòlè antre lakay ou lannwit, epi yo frape l’ mouri, moun ki touye l’ la pa koupab."
Vèsè sa montre ke si yon moun eseye fè nou mal, nou gen dwa reponn pou pwoteje tèt nou.
Nehémi 4:17-18 – "Moun ki t'ap rebati miray la yo chak te gen nepe yo mare sou ren yo pandan y ap travay."
Pèp Izrayèl la te prepare pou defann tèt yo pandan y ap travay sou miray Jerizalèm nan.
Lik 22:36 – "Si yon moun pa gen nepe, se pou l vann rad li achte youn."
Jezi pa t’ ankouraje vyolans, men Li te rekonèt nesesite pou disip li yo pwoteje tèt yo.
defans ak Vanjans
Gen yon diferans ant defann tèt ou epi eseye tire revanj. Bib la di:
Women 12:19 – "Pa tire revanj sou pesonn, men kite kòlè Bondye a aji, paske ekri sa ekri: Se mwen ki gen pou m tire revanj, se mwen ki va rann chak moun sa yo merite."
Matye 5:39 – "Pa reponn mechanste ak mechanste. Si yon moun bay ou yon souflèt sou yon jou, vire lòt bò a pou li frape w tou."
Vèsè sa yo montre ke nou pa dwe chèche tire revanj oswa fè vyolans san rezon. Men, yo pa vle di nou dwe kite tèt nou viktim san defans.
Ki entansyon ki nan kè w?
Jezi te montre nou enpòtans lanmou ak padon. Si nou defann tèt nou, eske se paske nou vle sove lavi nou oswa nou vle fè mechanste? Bondye egzamine kè nou:
Proverb 4:23 – "Veye kè ou plis pase tout bagay, paske lavi ou soti ladann."
Konklizyon
Defans se pa yon peche si li fèt pou pwoteje lavi san mechanste nan kè nou. Sepandan, Bib la avèti nou pou nou pa pran jistis nan men nou epi pou nou toujou chèche lapè anvan nou chwazi vyolans. Si yon moun menase lavi ou, ou ka defann tèt ou, men ou dwe fè l san mechanste epi san lògèy. Bondye mande nou mache ak sajès ak lanmou, menm nan sitiyasyon difisil yo.
Mèsi paskew te pran titan pouw te gade avèk nou nap pi kontan toujou siw pataje l avèk yon lot moun 🙏 🥰
Siw ta renmen patisipe avèk nou nan gwoup ansèyman Bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing. informaticien
Bon travail