top of page
Rechercher

Eske yon kretyen ki ansent avan maryaj ta dwe kouri marye san reflechi?

Mariaj se yon angajman kew pran pou lavi, pyès moun pa dwe pranl san reflechi.


Pwoveb 20 : 25

Pa prese fè Bondye pwomès. Ou ka règrèt sa pita.

Gwosès avan maryaj gen 2 ka ki ka prezante :

1 ) Nan ka 2 moun ki te antann yo, yo fiyanse e malerezman gwosès tonbe, li tap preferab pou yo aranje yo pou yo marye pi rapid sa ka pi bon ni pou lavi espirityèl yo, ni pou timoun nan. Sa pa vle di yo pap peye konsekans peche a. Men gras Bondye kapab kouvri yo si yo repanti sensèman.


2 ) Nan ka 2 moun ki pa fiyanse e ki antre nan relasyon seksyèl epi gwosès tonbe. Se yon relasyon ki ta dwe kanpe rapidman pou moun yo ta chache fas Bondye. Pou tou 2 ta repanti sensèman epi prezante relasyon an bay Bondye pou konnen volonte Bondye. Konsa yap konnen si maryaj la ap posib selon sa Bondye kominike yo.


Si Bondye pa dakò petèt paske li gen lòt plan pou yo, chak moun dwe pran wout pa yo pou Bondye ka reyalize plan li te genyen pou lavi yo a.


Men sof ke gason an ap pran responsablitel pou l okipe timoun nan Jan sa dwe fèt.


  • Nan ansyen alyans lan yon moun ki kouche avèk yon fi ki vyèj kit li te ansent kit li pat ansent lap marye avèl. Yo te konn konsidere mariaj la kòm reparasyon pou fi a ak fanmi l.


Deteronom 22 : 28 - 29

Si yon nonm kontre ak yon jenn fi ki tifi lakay papa l', ki poko fiyanse, epi li kenbe l', li fòse l' kouche avè l', si yo bare yo,


nèg ki te kouche avèk fi a va gen pou l' bay papa fi a senkant pyès ajan. Li va pran fi a pou madanm li, paske li te fòse l' kouche avè l'. Li p'ap janm ka divòse avè l' jouk li mouri.


Bondye kapab restore w men se siw repanti. Paske tout peche gen konsekans yo.


1 Jan 1 : 9

Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l'ap fè sak gen pou fèt la: la padonnen tout peche nou yo, la netwaye nou anba tou sa ki mal.


NB : Mariaj se yon angajman 2 moun pran sou baz yon lanmou sensè e ki sipoze dire tout lavi. Ann sispann marye pou fè wè ak pou fè lasosyete plezi.


Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏🏽


Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing.informaticien

 
 
 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page