top of page
Rechercher

Eske yon kretyen pa gen dwa fre?

Nou se anbasadè Bondye, sa vle di tout moun kap gade'n dwe wè Kris nan nou, nan fason nap aji, pale, abiye..


Nan 1 korint 10 : 31 li di :

Se sak fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l' pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.


Ann rete sou abiman,


Lè yon moun ap reprezante yon mak li gen yon jan rad la byen chita sou li, li fè preske tout moun anvi ht l.


Men m jan tou si nou men m antanke kretyen nap reprezante Bondye, nou dwe fèl byen.

Pafwa nou konn fè kritike Bondye nan rad nap mete, paske anpil nan nou panse depi nou se kretyen nou paka bèl,


Lèw parèt yon kote antanke kretyen ou fre gen yon mesaj ou gentan fè pase otomatik, ou fè konnen moun wap reprezante a pa nenpòt moun, sa fè moun anvi tande w, lèsa ou glorifye Bondye.


2 korint 6 : 4a

Okontrè, nan tout bagay, mwen fè tout moun wè se Bondye m'ap sèvi.


Chak kote w prale li gen yon tip dabiman ki mache ak li, anpil fwa kèk lidè konn di sa se bagay Lèzòm, komsi lè w lakay Bondye ou pa dwe bèl ou pa dwe respekte pwensip pwotokolè a.


Nan Aje 2 : 9 li di :

Se pou mwen tout lò ak tout ajan sou latè ye. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.


Donk si tout bagay se pou Bondye se nòmal pou m bèl paske m se pitit li.


Ou menm ki abitye abiye chik chèk chòk, kontinye paske Bondye jwenn glwa nan sa.


NB: Sèlsa pa janm bliye gen pati nan kò w ki pa dwe lib, sosyete a pap wè w byen e Bondye pa dako sa.


Mèsi paske w te gade avèk nou, sa ap fè nou plis kontan siw patajel ak yon lòt.


Ou ka ale sou lyen sa siw ta renmen rantre nan gwoup Ansèyman bib la👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing.informaticien

 
 
 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page