top of page
Rechercher

Eske yon kretyen ta dwe ap rele pastè l papa espirityèl ?


Matye 23 : 9

Pa rele pesonn sou latè papa, paske nou gen yon sèl papa: sa ki nan syèl la.


Kisa yon papa ye?

Se yon moun ki bay nesans ak yon timoun oubyen ki adopte youn oubyen plizyè timoun.


Yon moun ki kreye yon zèv atistik yo relel papa tou.

Anpil fwa nou konn rele yon pèsonaj papa, yon moun ke nou genyen anpil respè pou li.


Se pa de papa sa yo pasaj la ap pale men pito papa espirityèl.

Moun ki byen ankre nan pawòl Bondye a pap janm kite moun rele l " Papa espirityèl "

Nou gen 2 egzanp enpòtan nan bib la


Abraham se te papa nan lafwa

Abraham fèt nan lafwa men li pat janm papa espirityèl. Ann gade sa Paul di nan :


Galasi 3 : 6 - 7

Men sa ki ekri nan Liv la menm: Abraram te mete konfyans li nan Bondye. Se poutèt sa Bondye te fè l' gras.


Konsa, se pou nou konprann sa byen: Moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo menm ki pitit Abraram.


Paul se te papa nan lafwa

Paul fèt nan lafwa li pat janm konsidere tèt li kòm papa espirityèl. Li te rele Timote ak Tit pitit li nan lafwa.


Nan 1 Timote 1 : 2 li di :

m'ap ekri ou, Timote, pitit lejitim mwen nan konfyans mwen gen nan Bondye. M'ap mande Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo gen pitye pou ou, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze.


Tit 1 : 4

M'ap ekri ou lèt sa a, Tit, pitit lejitim mwen nan konfyans nou gen ansanm lan. Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Sovè nou an, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze.


Paul konsidere tèt li kòm papa nan predikasyon levanjil.


1 korint 4 : 14 - 16

Mwen pa ekri nou tout bagay sa yo paske mwen vle fè nou wont non. Men, se vle mwen vle fè nou wè rezon, tankou pitit mwen renmen anpil.


Menm si nou ta rive gen dimil (10.000) moun k'ap kondi nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, nou pa ka gen anpil papa. Si n'ap konsidere lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la, se mwen menm ki papa nou, paske se mwen menm ki te pote bon nouvèl la ban nou.


Tanpri, pran egzanp sou mwen.


Pèsòn paka fè yon pitit nan lespri

Nou kapab wè pyès moun pa kalifye nan bib la pou yo papa espirityèl, sèlman Bondye.


Apot Paul di sa nan :

Galasi 4 : 6

Pou fè nou wè nou se pitit li tout bon, Bondye te voye Lespri Pitit li a k'ap rele: Papa, nan kè nou.


NB : Pa janm repete saw tande moun ap di san w pa konprann.


1 Tesalonik 5 : 21

Egzaminen tout bagay byen, kenbe sa ki bon.


Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm ,map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏🏽


Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing.informaticien

 
 
 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page