top of page
Rechercher

Eske yon kretyen ta dwe nan al jije tribinal?

Paul tap egzòte kretyen korint yo paske yo pat ka regle pwoblem ki te konn genyen nan mitan yo, li pa dakò pou yal pran yon moun ki pa fè pati legliz Bondye a vin mete lapè nan mitan yo se yon wont. Paske sak fèt nan legliz la dwe regle nan legliz la.


1 Korint 6 : 1 - 7

Lè yonn nan nou gen kont ak yon frè, ki jan l' ka penmèt li al nan tribinal devan moun ki pa konn Bondye, pase pou l' mande moun ki fè pati pèp Bondye a regle sa pou li?


Kouman? Se konnen nou pa konnen moun ki fè pati pèp Bondye a gen pou jije moun ki nan lemonn yo? Si nou gen pou nou jije moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, ki jan nou fè pa kapab jije bagay ki pi piti pase sa?


Se konnen nou pa konnen nou gen pou n' jije ata zanj Bondye yo tou ? Se pa ti bagay k'ap pase sou latè sa a pou n' pa ta kapab jije.


Si nou gen kont pou ti bagay konsa, nou pa ka al pran moun ki pa anyen nan legliz la pou jije nou.


Mwen wont pou nou. Konsa, gen lè pa gen pesonn nan mitan nou ki gen bon konprann dekwa pou regle kont nou gen yonn ak lòt,


kifè yon frè blije rele yon lòt frè nan tribinal pou fè moun ki tou pa kwè yo jije nou?


Sa ki pi rèd, si nou ka gen pwose yonn ak lòt, sa deja moutre jan nou pa bon menm. Poukisa nou pa asepte soufri lenjistis pito? Poukisa nou pa kite yo piye nou pito?


Labib fè konnen tou tribinal yo se sèvis Bondye y'ap fè.

Rom 13 : 3 - 6

Tande byen: moun ki fè sa ki byen pa bezwen pè chef k'ap gouvènen yo. Se moun ki fè sa ki mal ki pou pè yo. Eske ou ta vle pa pè chef?

Enben, fè sa ki byen; se lwanj ase wa resevwa nan men yo.


Paske chef yo se nan sèvis Bondye yo ye pou byen nou. Men, si w'ap fè sa ki mal, ou mèt tranble, paske se pa pou gremesi yo gen pouvwa peni moun. Lè sa a, se sèvis Bondye y'ap fè tou. Y'ap fè nou wè kòlè Bondye lè y'ap peni moun ki fè sa ki mal.


Se poutèt sa, nou dwe soumèt devan tout otorite yo, pa sèlman paske nou vle chape anba kòlè Bondye, men tou pou konsyans nou pa repwoche nou anyen.


Se poutèt sa tou, nou peye lajan kontribisyon yo, paske anplwaye leta yo se nan sèvis Bondye yo ye, se pou yo fè travay la byen.


NB : Li klè ke yon kretyen ka al nan tribinal pou defann dwa l pou yon enjistis ke l sibi men fòk li gen bòn entansyon. Tout fwa l ka evite sa li tap pi bon


Rom 12 : 18

Fè tout sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun mezi nou wè nou ka fè li.


Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm,map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏🏽


Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing.informaticien

 
 
 

留言

評等為 0(最高為 5 顆星)。
暫無評等

新增評等
bottom of page