Eske yon kretyen ta dwe nan bay madichon?
- Camille J. Ralph Datus
- 5 févr. 2024
- 2 min de lecture

Lè w fè yon deklarasyon se komsi se yon mayi ou plante ki gen pou leve nan pa lontan, tout sa ou di ak bouch ou gen yon lè lap vin reyalite petèt ou gendwa poko gen konsyans de sa, si w pwononse move pawòl sou lavi w oubyen lavi yon lòt moun wap jwenn rezilta a nan pa lontan, men si w di bon pawòl tou wap jwenn rezilta a tou.
Nan Jak 3 : 10 li di :
Menm bouch la bay benediksyon, li bay madichon tou. Frè m' yo, sa pa dwe fèt konsa.
Anpil paran renmen di move bagay sou pitit yo, lè timoun nan ap grandi epi lap vin egzakteman jan yo te pwononse l la yap bay Bondye chay pote,
Timoun nan se pou ou kelkeswa sa l ta fè w siw paka di byen pa pale nan moman an paske sa wap di a ka gen gwo enpak sou avni l.
Ou la pou w beni l paske w se reprezantan Bondye.
Nan Sòm 103 : 5 li di :
Li kouvri m' ak benediksyon pandan tout lavi m', li fè m' rete jenn ak tout fòs mwen, tankou malfini.
Mezire tout sa ou gen pou w di pou yo pa tounen kont ou, ou konn paka aprann, jwenn travay, jwenn mari, paka fè pitit..se yon pawòl ou te di kap reyalize nan laviw se pa satan atansyon!
Men m jan sa ekri nan Pwovèb 6 : 2
si yo pran pawòl ki soti nan bouch ou pou mele ou, si pwomès ou te fè yo tounen yon pèlen pou ou,
Gen anpil moun avan anyen yo ta fè deklarasyon sou frè ak sè yo san panse ak konsekans sa ka genyen, lè yon moun fè w yon bagay solisyon an se pa aji menm jan avèl, men pito fè diferans lan paske w se zafè Bondye.
Nan 1 Pyè 3 : 9 li di :
Pa rann moun mal pou mal, jouman pou jouman. Okontrè, lè konsa, mande benediksyon pou yo, paske se benediksyon Bondye te pwomèt pou l' ban nou lè li te rele nou an.
Lè yon moun di move pawòl sou ou se pa tounen pouw tounen l nan..Men se pou w deklare l san zefè ak pouvwa Bondye ba ou a. Dèfwa nou bliye si Bondye ban nou pouvwa kifè nou konn pran nan pyèj.
Ezayi 54 : 17
Men, tout zam y'a fè pou sèvi kont ou yo p'ap fè ou anyen. W'a gen repons nan bouch ou pou tout moun ki va akize ou nan tribinal. Se sa m'ap fè pou tout sèvitè m' yo. Se mwen k'ap defann kòz yo. Se Seyè a menm ki di sa!
NB: Pa bay pyès moun madichon bouch ou pa fèt pousa.
Mèsi paske w tap gade avè m, sa ap fè m plis kontan siw pataje l ak yon moun.
Si w ta renmen patisipe avèk nou sou group ansèyman bib la, klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur,ing.informaticien










Commentaires