Eske yon kretyen ta dwe vwale lèl pral legliz?
- Camille J. Ralph Datus
- 29 déc. 2024
- 2 min de lecture

Nan nouvo testaman an
Tèks ki konsidere kom baz la se 1 korent 11 : 3 - 15
Ann gade avè m 👇
3- Men, mwen vle nou konprann sa byen: Kris la se chèf tout gason, gason se chèf fanm. Bondye se chèf Kris la.
4- Si yon gason kite chapo l' nan tèt li lè l'ap lapriyè osinon lè l'ap bay yon mesaj ki soti nan Bondye, li derespekte Kris la.
5- Men, si yon fanm pa mete anyen sou tèt li lè l'ap lapriyè osinon lè l'ap bay yon mesaj ki soti nan Bondye, li derespekte mari li. Se tankou se yon fanm ki te gen tèt li kale.
6- Si yon fanm pa kouvri tèt li, li ta mèt tou koupe cheve l' tou. Enben, si se yon wont pou yon fanm koupe cheve l' ou ankò pou l' kale tèt li, se pou l' kouvri tèt li tou.
13- Dapre nou, èske se lizay sa pou yon fanm pa gen anyen sou tèt li lè l'ap lapriyè Bondye?
14- Se pa natirèl pou yon gason gen cheve long. Sa se yon wont.
15- Men, se bèl bagay pou yon fanm gen cheve long. Bondye ba l' cheve long li yo pou sèvi l' tankou yon vwal sou tèt li.
Poukisa cheve te bay tout pwoblèm sa nan vil korent?
Se paske nan epok la nan vil korent te gen yon tanp ki te dedye a afwodit deyès lanmou, yon kote ki fè nonl nan kesyon pwostitisyon. Fanm kap sèvi nan tanp sa a te dwe raze. Nan kilti korent lan yon fanm ki raze cheve l se yon pwostitiye.
NB : Fanm pat konn kouvri tèt yo legliz.
Nan vèsè 5 : Apot Pòl pale de tèt ki san kouvri ki se yon wont epi nan vèsè 15 : li presize ke cheve fanm nan se vwal li.🤔
Pòl te ekri pèp korent lan poul te di yo pou yo detache yo de tradisyon jwiv la.
poul te fè yo konnen tou yon fanm ki raze dwe kouvri tèt li. Paske yon fanm ki raze pèdi glwa l e l pa sou pwoteksyon maril.
Vwal nan istwa legliz la
Rezon yo avanse : se pouw pa atire gason sou ou, siy dimilite, senplisite, respè pou mariw..
Jodia anpil legliz kontinye avèk koutim sa a. Genyen ki kitel kom yon chwa pèsonel, genyen tou kifèl tounen yon doktrin...
Mwen menm pèsonelman mpa wè fondman solid pou fanm pote vwal legliz, mplis wèl kom yon koutim.
Mèsi paskew te pran titan pouw te gade avèk mwen, map pi kontan toujou siw pataje l avèk yon lòt 🙏
Siw ta renmen patisipe avèk nou nan gwoup ansèyman Bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus
Pasteur, ing. Informaticien
Comments