Eske yon moun ka batize 2 fwa?
- Camille J. Ralph Datus
- 21 mars 2024
- 1 min de lecture

Batèm se yon angajman de yon bòn konsyans e fòm li se imèsyon nan lang grèk la li vle di (plonje, imèje).
1 Pyè 3 : 21
Dlo sa a, se tankou yon imaj batèm ki sove nou jodi a. Batèm se pa pou retire salte sou kò nou, se yon angajman nou pran pou n kenbe yon konsyans san repwòch devan Bondye. Li sove nou paske Jezikri te leve vivan nan lanmò.
Mak 16 : 16
Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen.
Gen 2 ka ki ka prezante :
1 - Lè moun nan te batize a petèt li te yon bebe, sa vin rann ke li te batize konsa konsa san li pa gen konsyans vrèman de sa ki batèm nan. Donk nou ka di li pat yon batèm vrèman.
2 - Lè moun nan te batize a, wi li te nan laj poul pran desizyon an, men malerezman li pat konprann vrè siyifikasyon batèm nan, lè li pral fè yon lòt eksperyans de konvèsyon ki pi pwofon, la li pral genyen poul fè yon chwa.
a) Fè yo rebatizel epi pa konsidere premye a.
b) Valide premye a, pandan lap aprann konnen vrè siyifikasyon an.
NB : Se yon pwoblem konsyans ak chwa pèsonel
Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏🏽
Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing.informaticien
Comments