Eske yon kretyen ka divòse epil remarye?
- Camille J. Ralph Datus
- 1 avr. 2024
- 2 min de lecture

Daprè sa ki ekri nan bib la, maryaj se yon angajman ke w pran pou tout lavi, 2 moun ki pran angajman sa vin fè yon sèl, e lale pi lwen pou l di pyès moun pa dwe separe sa Bondye mete ansanm.
Nan Malachi 2 : 16a li di
Mwen rayi wè lè mouche separe ak madanm. Se Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ki di sa.
Men akoz tèt di moun yo Jezi te bay lwa pou yo divòse, men se pa paske sesa Bondye te vle reyèlman.
Matye 19 : 8
Jezi reponn yo: Se paske nou gen tèt di kifè Moyiz te ban nou dwa kite ak madanm nou. Men, nan konmansman se pa t' konsa.
Deteronom 24 : 1 - 4
Si yon nonm marye ak yon fanm epi rive yon lè fanm lan pa fè l' plezi ankò, paske li dekouvri nan fanm lan yon bagay ki pa byen, l'a ekri yon papye divòs bay fanm lan, epi l'a voye l' tounen lakay papa l'.
Apre sa, si fanm lan kite kay papa l', l' al marye ak yon lòt gason,
sipoze dezyèm mari a tou ta rive pa vle wè l', epi li ekri yon lèt divòs ba li, epi li voye l' tounen lakay papa l' ankò, osinon sipoze dezyèm mari a ta rive mouri,
lè sa a, premye mari a p'ap ka marye avè l' ankò. Se pou li konsidere fanm lan tankou yon moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye.
Paske si li marye avè l' apre sa, l'ap fè yon bagay Seyè a pa vle wè. Piga nou rale madichon sou peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou rele nou pa nou an.
Sèks se eleman esansyèl lyen matrimonyal la, imedyatman youn nan moun yo al fè sèks ak yon lòt(adiltè), yo brize lyen an. Sa vle di yo pa fè yon sèl ankò.
Kounya gen posibilite pou moun yo ta divòse e menm remarye paske gen enfidelite.
Men sa Matye 19 : 9 di :
Mwen menm, men sa m'ap di nou: Lè yon nonm kite ak madanm li pou l' al marye ak yon lòt, li fè adiltè, esepte si se pou lenkondite li ta kite ake madanm lan.
1 Korint 7 : 15
Men, si moun ki pa gen konfyans lan vle kite, li mèt kite. Nan ka sa a, frè a osinon sè a pa gen ankenn angajman ankò. Paske, Bondye rele nou pou nou viv ak kè poze.
Konsèy : Li tap toujou pi bon si nou aplike pawòl ki nan:
Efezyen 4 : 32
Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.
Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏🏽
Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing.informaticien
Comments