top of page
Rechercher

Eske Yon Moun Ki Peche Ka Patisipe nan Lasèn?

Nan anpil legliz, gen deba sou kesyon sa a: Eske yon moun ki peche ka patisipe nan lasèn? Gen moun ki kwè ke sèlman moun ki san fòt ka patisipe, pandan ke lòt yo panse ke lasèn se yon moman kote nou resevwa favè Bondye malgre peche nou yo. Ann egzamine sa Bib la di sou sijè sa a.


1. Tout Moun se Pechè

Premye bagay pou nou konprann se ke tout moun se pechè. Bib la di klè:

"Paske tout moun fè peche, yo tout prive de laglwa Bondye." (Women 3:23)

Si nou aksepte ke tout moun fè peche, sa vle di pa gen pèsonn ki konplètman diy pou resevwa lasèn grasa merit li. Se gras ak favè Jezi Kris nou kapab pwoche nou nan prezans Bondye.


2. Lasèn se yon Aksyon Espirityèl

Lasèn se pa yon rekonpans pou moun ki san fòt, men pito yon siy de gras ak padon Bondye. Jezi te etabli lasèn pandan li te di:

"Pran, manje, sa a se kò mwen." (Matye 26:26)"Bwè ladan l', nou tout; paske sa a se san mwen, san nouvo alyans lan, ki koule pou anpil moun, pou padon peche yo." (Matye 26:27-28)

Jezi te etabli lasèn pou kretyen yo ka sonje sakrifis li sou kwa epi rekonekte ak favè Bondye. Sa montre ke lasèn se pa pou moun ki pafè, men pou moun ki rekonèt nesesite yo genyen pou Jezi.


3. Patisipe Ak Konsyans ou klè

Pandan tout moun peche, Bib la avèti ke nou dwe patisipe ak respè ak repantans. Apot Pòl te ekri:

"Se poutèt sa, si yon moun manje pen an oswa li bwè nan gode Seyè a san li pa rekonèt li, l'ap koupab anvè kò ak san Seyè a." (1 Korentyen 11:27)

Sa vle di nou dwe egzamine tèt nou anvan nou patisipe nan lasèn. Sa pa vle di nou dwe pafè (dayè nou paka pafè), men nou dwe vini ak yon kè ki repanti epi ki dispoze aksepte favè Bondye.


4. Bondye Vle ke Nou Pwoche pi prè li.

Bondye pa vle nou rete lwen li akòz peche nou yo. Olye de sa, li envite nou vin jwenn li pou nou ka jwenn mizèrikòd li :

"Si nou konfese peche nou yo, li fidèl e jis pou li padonnen peche nou yo epi pou li netwaye nou de tout sa ki mal." (1 Jan 1:9)

Sa vle di si nou repanti ak tout kè nou, nou ka patisipe nan lasèn avèk konfyans ke Bondye padonnen nou.


Konklizyon

Yon moun ki peche kapab patisipe nan lasèn si li repanti e li mete konfyans li nan favè Jezi Kris. Lasèn se pa pou moun ki san fòt, men pou moun ki rekònèt bezwen yo gen pou Jezi. Sepandan, li enpòtan pou chak moun egzamine tèt li epi patisipe ak respè ak lafwa. Bondye pa janm rejte moun ki tounen vin jwenn li ak tout kè yo.

Si ou santi ou koupab oswa ou pa diy, pa kite sa anpeche ou pwoche bò kote Bondye. Vin devan li ak senserite, epi aksepte favè li ofri nan Jezi Kris.


Mèsi paskew te pran titan pouw te gade avèk nou

Nap pi kontan toujou siw pataje l avèk yon lot moun 🙏


Siw ta renmen patisipe avèk nou nan gwoup ansèyman Bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing. Informaticien

 
 
 

2 Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
Rodyoume DIEUJUSTE
Feb 07
Rated 5 out of 5 stars.

Tout glwa pou Bondye lavi a ki ba w ti kras konesans pou w pataje ak sila yo ki nan nécessité aprann plis de Li. Benedisksyon san kanpe sou lavi w Pastè mwen.

Like
Guest
Feb 07
Replying to

Mèsi fanmi nous resevwa yo, epi nou bay Bondye glwa pousa. Mèsi paskew pran titan pou w li 🙏

Like
bottom of page