Eske yon pastè ka responsab tout ministè yo?
- Camille J. Ralph Datus
- 2 juin 2024
- 2 min de lecture

Petèt gen nan nou ki konn youn oubyen plizyè pastè kap jere tout bagay legliz kote yap dirije.
Ann gade kisa labib di :
Efezyen 4 : 11 - 12
Se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bon nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak doktè.
Konsa, li byen òganize pèp Bondye a pou yo chak fè travay sèvis yo, pou kò Kris la ka grandi nan konfyans.
Daprè tèks la nou kapab di genyen 4 oubyen 5 ministè toutfwa pastè konn asosye ak doktè.
Wòl pastè a kapab varye selon tip de legliz lap sèvi a.
Gen sèk ki rekonèt ke 5 ministè yo regwoupe nan yon ekip.
Gen lòt ki konsidere pastè a sèlman kòm otorite.
Genyen tou ki bay tit pastè a ak tout moun ki gen yon responsablite enpòtan. (Jenès, louwanj, timoun..)
Selon kontèks la, yon pastè dwe egzèse yon ministè a la fwa. Si sa pata fèt konsa nou ta dwe poze kesyon pou'n konnen rezon an. Eske pa gen lòt moun ki fòme e ki gen apèl pou jere lòt ministè yo? Eske tou poko gen moun ki disponib pou jere lòt ministè yo?
NB : Richès ak avansman legliz la repoze sou yon travay an ekip. Sou lè nou dakò pataje tach yo. Lè se yon sèl moun kap fè tout bagay lap epwize e legliz la ap mache bwate.
Mèsi paske w te pran titan pouw te gade avèm, map pi kontan toujou siw patajel ak kek lòt moun 🙏🏽
Siw ta renmen patisipe avèk nou nan gwoup Ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing.informaticien
Comments