Eske yon pastè ta dwe touche?
- Camille J. Ralph Datus
- 3 mai 2024
- 2 min de lecture

Yon legliz dwe pran swen pastèl ak tout lòt minis kap travay a plen tan yo finansyèman.
1 korint 9 : 14
Konsa tou, Seyè a bay lòd pou tout moun k'ap anonse bon nouvèl la fèt pou yo viv sou kont travay bon nouvèl la.
Senyè a di moun kap anonse levanjil dwe viv de levanjil la.
Matye 4 : 4
Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Bondye tou.
Ansyen yo kap dirije byen dwe resevwa lajan doub, sitou sa kap anseye ak sa kap preche.
Pa trete minis yo mal kite yo patisipe nan benediksyon materyèl legliz la. Pa di yo se nan syèl la yo pral touche paske pandan yo sou tè a fòk yo viv.
1 Timote 5 : 17 - 18
Kanta chèf reskonsab yo k'ap dirije legliz la byen, se pou yo resevwa yon lajan doub, sitou ansyen k'ap bay tout tan yo pou bay pawòl la ak pou fè enstriksyon moun yo.
Se sa ki ekri nan Liv la: Pa mare bouch bèf la lè l'ap fè moulen kann lan mache. Ou bien : Moun ki travay fèt pou resevwa lajan travay li.
Wi yon pastè se yon moun Bondye rele pou yon ministè, men yon legliz paka dil tou Bondye ap pran swenw. Bondye di se pou legliz lokal la pran swen pastè a ak tout fanmil paske pran responsablite espirityèl yon legliz sa mande anpil egzijans.
1 korint 9 : 7
Nou janm tande yon sòlda ap fè sèvis nan lame, pou se li menm ankò ki peye tèt li? Ou ankò, èske yon moun pa gen dwa manje rezen nan pye rezen li te plante a? Osinon, èske yon gadò mouton pa gen dwa bwè lèt mouton l'ap okipe yo?
Se vre Apot Paul se li menm ki te pran responsablite tèt li lè l tap egzèse ministè l a korint men li te di tou se yon sakrifis volontè.
1 korint 9 : 18
Ki jan yo peye m' atò? Tout plezi m' se pou m' anonse bon nouvèl la gratis, san m' pa egzije anyen nan sa yo dwe m' pou travay m'ap fè a lè m'ap anonse bon nouvèl la.
Paul te asepte lot legliz yo peyel men ki te diferan ak pèp korint yo.
2 korint 11 : 8
Lè sa a, mwen te asepte lajan nan men lòt legliz yo. Se tankou si m' te pran nan sa ki pou yo pou m' te kapab ede nou.
NB : Si legliz la paka reponn ak bezwen pastè a li oblije travay poul ka reponn ak bezwenl.
Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm,map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏🏽
Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing.informaticien
Comments