Ki diferans ki genyen ant Revelasyon ak Pwofesi?
- Camille J. Ralph Datus
- 1 févr.
- 2 min de lecture

Nan lafwa kretyen an, "revelasyon" ak "pwofesi" se de mo ki gen rapò ak mesaj Bondye voye bay limanite, men yo gen nyans diferan. Ann egzamine diferans yo ansanm ak kèk vèsè biblik ki ka ede nou pi byen konprann yo.
1. Kisa Revelasyon Ye?
Mo "revelasyon" soti nan mo laten revelatio, ki vle di "dekouvèt" oswa "devwale." Nan kontèks biblik la, revelasyon se tout sa Bondye chwazi fè moun konnen sou tèt li, sou plan li, ak sou laverite espirityèl yo. Revelasyon kapab fèt nan plizyè fòm:
Revelasyon Jeneral : Bondye fè moun konnenl atravè lanati, konsyans moun, ak lòd moral ki enskri nan kè nou.
Som 19:1 – "Syèl la rakonte laglwa Bondye, e ekla li manifeste travay men li."
Women 1:20 – "Depi kreyasyon lemonn, sa ki envizib lakay Bondye, savledi pouvwa li ak divinite li, yo klèman vizib atravè sa li kreye yo."
Revelasyon Espesyal : Bondye kominike dirèkteman ak limanite atravè Bib la, Jezi Kris, ak revelasyon diven.
Ebre 1:1-2 – "Nan tan pase, Bondye te pale ak zansèt nou yo plizyè fwa ak plizyè jan atravè pwofèt yo. Men nan dènye jou sa yo, li pale ak nou atravè Pitit li."
2 Timote 3:16 – "Tout Ekriti enspire de Bondye, e li itil pou anseye, aprann, korije, ak fòme moun nan jistis."
2. Kisa Pwofesi Ye?
Pwofesi se mesaj Bondye voye bay yon moun, ki souvan yon pwofèt, pou l pataje ak pèp la. Pwofesi yo kapab:
Yon mesaj avètisman oswa ankourajman : Bondye voye pwofèt pou korije pèp Izrayèl la oswa pou bay espwa.
Jérémie 1:9-10 – "Seyè a lonje men li, li manyen bouch mwen. Li di mwen: ‘Mwen mete pawòl mwen nan bouch ou.’"
Yon prediksyon sou lavni : Bondye kapab revele evènman ki poko rive atravè pwofèt li yo.
Esaïe 7:14 – " Jèn fi a pral ansent, li pral akouche yon pitit gason, yo pral rele li Emanyèl." (Yon profesi sou nesans Jezi Kris)
Yon konfimasyon volonte Bondye : Bondye itilize pwofèt pou gide pèp li a.
1 Korentyen 14:3 – "Moun ki pwofetize, li pale ak moun pou edifikasyon, ankourajman, ak konsolasyon yo."
3. Diferans Ant Revelasyon ak Pwofesi?

Konklizyon
Revelasyon se tout konesans Bondye mete deyò pou limanite, pandan ke pwofesi se yon mesaj espesifik Bondye bay yon moun pou l pataje. Bib la bay anpil egzanp sou tou de, e li montre kijan Bondye itilize metòd sa yo pou kominike ak nou. Nou dwe toujou chèche konprann revelasyon Bondye ak pwofesi li yo a travè Ekriti yo pou nou ka viv dapre volonte li.
"Se pa tout lespri ki soti nan Bondye, men nou dwe teste tout pwofesi yo pou wè si yo soti nan Bondye." (1 Jan 4:1)
Mèsi paskew te pran titan pouw te gade avèk nou nap pi kontan toujou siw pataje l avèk yon lot moun 🙏
Siw ta renmen patisipe avèk nou nan gwoup ansèyman Bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing. Informaticien
Comments