top of page
Rechercher

Ki kote fèt pak la soti?

Fèt pak la se youn nan fèt ki pi enpòtan pou kretyen yo, e ke tout kretyen nan mond lan toujou fete. Men anpil moun pa konnen kote l soti e rezon ki fè fèt sa toujou fete chak ane.


Ann fè yon ti diferans ant Pak e fèt pak la


Pak : se yon selebrasyon jwiv ki komemore soti ebre yo an ejip aprè plizyè syèk pase nan esklavaj.


Fèt pak la : se yon fèt kote ke kretyen yo ap komemore rezireksyon Jezi aprè l te fin krisifye.


Karè m nan se yon peryòd jèn ak priyè ki vini avan pak la.

Mak 1 : 12 - 13

Touswit apre sa, Lespri Bondye a pouse Jezi al nan dezè a.
Li rete la pandan karant jou, epi se la Satan vin tante l'. Jezi t'ap viv nan mitan bèt bwa yo, epi zanj Bondye yo t'ap okipe li.

Orijin fèt pak la

Nan ansyen testaman bib la fè nou konnen ke ebre yo te nan esklavaj an ejip e ke Moyiz te mete yo deyò sou dikte Bondye. Se te premye pak jwiv, sa gen anviwon 3000 ane depi lè sa jwif yo toujou fete pak pou yo ka komemore liberasyon yo.


Fèt pak la lye ak pak jwif yo paske Jezi te jwif. Selon bib la Jezi te mouri pou peche limanite epi aprè 3jou li resisite. Rezireksyon Jezi se fondman fwa kretyen yo se rezon kifè yo fete pak.


Jodi a semèn avan pak la rele semèn sen, e kretyen yo komemore lanmò ak rezireksyon Kris la pandan peryòd la.


Gen yon lòt pati ki se tradisyon chokola de pak sa komanse an 19è syèk lè chokolatye yo komanse fabrike chokola sou fòm ze pou yo selebre fèt pak la. Depi lè a yo fè sou fòm lapen, poul, klòch..


Kèk referans : Matye 28 : 1 - 9, Mak 16 : 1 - 9, Lik 24 : 1 - 9, Jan 20 : 1 - 24


Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou si w pataje l ak yon lòt 🙏🏽


Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing.informaticien

 
 
 

Hozzászólások

0 csillagot kapott az 5-ből.
Még nincsenek értékelések

Értékelés hozzáadása
bottom of page