Ki wòl Sentespri nan lavi nou?
- Camille J. Ralph Datus
- 17 avr. 2024
- 3 min de lecture

Nan tout don Bondye bay yo pa gen youn ki pi gran pase prezans sentespri. Sentespri gen plizyè fonksyon, dabò lap aji nan kè tout moun ki nan mond lan, men m jan Jezi te di disip li yo map voye Sentespri nan mond lan pou konvenk tout moun sou kesyon peche, jistis ak jijman Bondye.
Jan 16 : 7 - 11
Men, m'ap di nou laverite: li pi bon pou nou si m' ale. Paske, si m' pa ale, moun ki gen pou vin ankouraje nou an p'ap vin jwenn nou. Men, lè m' ale, m'a voye l' ban nou.
Li menm, lè la vini, la moutre moun lemonn yo jan yo nan lerè sou kesyon peche, sou kesyon sa ki dwat devan Bondye, sou kesyon jijman Bondye.
Yo nan lerè sou kesyon peche a, paske yo pa mete konfyans yo nan mwen.
Yo nan lerè sou kesyon sa ki dwat devan Bondye, paske mwen pral jwenn Papa a, nou p'ap wè m' ankò.
Yo nan lerè sou kesyon jijman Bondye a, paske chèf k'ap dominen lemonn lan fin jije deja.
Chak moun kap viv gen konsyans Bondye kit li rekonèt li ou pa. Sentespri kominike tout verite yo ak lespri tout moun kap viv sou tè a yon fason poul ka konvenk yo ak bon agiman ke yo se pechè e si yo arive rekonèt sa yap gen sali.
Imedyatman ke nou sove nou vin pou Bondye Sentespri tou abite nan kè nou e konfime ke nou se pitit Bondye pou toujou. Jezi te di lap voye Sentespri poul ka ede nou, defann nou, gide nou.
Jan 14 : 16
M'ap mande Papa a pou l' ban nou yon lòt moun pou ankouraje nou, pou li ka toujou la avèk nou, se Sentespri k'ap moutre nou verite a.
Bondye bay tout moun ki pou li yo Sentespri kom rekonpans pou ranpli wòl li a sil te rete.
Rom 8 : 9
Pou nou menm, nou p'ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la.
Sentespri la pou li revele nou verite a. Prezans Sentespri ap ede nou entèprete tout sa ki nan bib la.
Jan 16 : 13
Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive.
1 korint 12 : 3
Se poutèt sa mwen vle nou konn sa byen: Si Sentespri Bondye ap dirije lavi yon moun, li p'ap janm ka di: Madichon pou Jezi. Konsa tou, si Sentespri Bondye p'ap dirije lavi yon moun, li p'ap ka di Jezi se Seyè a.
Lè Sentespri Bondye abite nan yon moun li fè l pote fri tankou,lanmou, lajwa, lapè, bonte, byenveyans, dousè..
Galasi 5 : 22 - 23
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seriozite, li fè ou gen bon manyè.
Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
NB : Chak jou pran titan pou remèsye Bondye pou Sentespri ke l fèw kado, se li ki fè tout diferans ant ou menm ak sila yo ki poko konvèti yo.
Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏🏽
Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing.informaticien
Commentaires