Kilè w ka rele yon moun maestwo?
- Camille J. Ralph Datus
- 13 mars 2024
- 1 min de lecture
Dernière mise à jour : 13 mars 2024
Maestwo se yon tèm italyen ki vle di mèt oubyen profesè.
Yon maestwo se yon konpozitè, aranjè yon moun ki gen yon nivo ki trè avanse.
Ou ka di maestwo oubyen chèf òkès
Yon moun ki jwe yon enstriman pa oblije maestwo sil pa metrize domèn nan byen.
Yo pa itilize maestwo nan domèn mizikal sèlman.
Lè yon moun metrize yon domèn trè byen yo relel maestwo tou.
NB : Ann aprann mete chak moun nan plas yo, konsa nap bay ankourajman ak sila yo ki fè efò epi nap motive sila yo ki gen rèv la tou.
Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏
Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing.informaticien










Commentaires