Kisa ki ka anpechew beni?
- Camille J. Ralph Datus
- 23 janv. 2024
- 2 min de lecture
6 rezon fondamantal
1- Peche
Ezayi 59 : 1-2
Non! Se pa paske Seyè a manke fòs kifè li pa vin livrer nou. Se pa paske li soudè kifè li pa tande lè n'ap lapriyè nan pye l'.
Men se mechanste nou yo ki mete yon bayè ant nou ak Bondye nou an. Se peche nou yo ki fè l' vire figi l' pou l' pa tande nou.
2 - ògèy
1 Pyè 5 : 5
Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chef reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pounou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Hommes, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li.
3 - ignyorans oubyen mank konesans
Oze 4 : 6
Pèp mwen an ap fini, paske li pa konnen mwen. Prèt yo voye tou sa mwen te moutre yo jete. Se konsa, mwen menm tou, mwen p'ap rekonèt yo pou prèt mwen ankò. Yo voye tou sa mwen menm, Bondye yo a, mwen te moutre yo a jete. Mwen menm tou, m'ap voye pitit yo jete.
4 - lèw pa nan lye benediksyon an
Jenèz 12 : 1
Seyè a di Abram konsa. Pati, kite peyi ou la. Kite tout fanmi ou. Kite kay papa ou, ale nan peyi m'a moutre ou la.
5 - lèw mal akonpaye
Jenèz 13 : 14 - 15
Lè Lòt fin ale, Seyè a di Abram konsa. Kanpe kote ou ye a, voye je ou toupatou, nan tout direksyon: nò, sid, lès, lwès,
paske mwen pral ba ou tout tè ou wè a pou ou ak pou pitit pitit ou yo pou tout tan.
6 - Mank de matirite
Galasi 4 : 1
Enben! Men sa m' vle di: Pitit ki pou resevwa byen papa li a, toutotan li piti toujou, y'ap trete l' menm jan yo trete yon esklav, atout se li menm ki mèt tout bagay.
Mèsi paske w pran titan pouw li avèm.
Pa bliye kòmante epi pataje ak yon lot.
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur,ing.informaticien
Comments