Kisa Onksyon ye?
- Camille J. Ralph Datus
- 20 mars 2024
- 2 min de lecture

Onksyon se yon rityèl kote ke yap aplike lwil sen sou yon moun oubyen yon choz.
Selon ansèyman bib la, Onksyon se yon ak solanel, se yon prensip aktif ke Bondye bay ak moun ki kwè yo pou akonpli zèv li.
Onksyon reyalize lè ou aplike lwil sou yon moun pou konsakrel ak Bondye.
1 Samyèl 16 : 10 - 12
Konsa konsa, Izayi te mennen sèt nan pitit gason l' yo bay Samyèl. Epi Samyèl di Izayi konsa: -Non, Seyè a pa chwazi yonn ladan yo.
Lè sa a, Samyèl di Izayi ankò: -Se tout pitit gason ou yo sa? Ou pa gen lòt? Izayi reponn: -Wi, mwen gen yon ti dènye. Men, l' al mennen mouton m' yo al nan manje. Samyèl di li: -Voye chache l', paske nou p'ap konmanse sèvis la tout tan li pa vini.
Se konsa Izayi voye chache ti nonm lan. Yo mennen l' vini. Se te yon jenn gason ak bèl ti je, cheve l' te yon ti koulè kannèl, li te gen bèl figi. Seyè a di Samyèl: -Men li! Kanpe non, vide lwil sou tèt li.
Nan ansyen testaman, Onksyon se te yon pratik ki te konn fèt ak lwil pafime,
Egzod 30 : 25 - 26
Avèk tou sa, w'a fè yon lwil jan moun ki konn fè odè a fè. Lwil sa a va sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye. Se avèk lwil sa a w'a sèvi pou mete moun osinon nenpòt bagay apa pou sèvis Bondye.
W'a voye lwil la sou Tant Randevou a, sou Bwat Kontra a,
Eske Onksyon toujou gen menm siyifikasyon an?
Wi, lè gen konfimasyon pou yon apèl, nan moman odinasyon an yo toujou fè men m rityèl la pandan yap aplike lwil sou tèt moun nn.
Gen sa ki rele Onksyon maladi tou.
Onksyon pou moun ki malad se menm prensip la, yo aplike lwil la sou tèt moun nan pandan yap mande Bondye pou fè entèvansyonl pou maladi a.
Onksyon maladi se yon rekomandasyon ke Jak mansyone nan epit li ya e san dout ke yo te konn pratike nan legliz premye syèk yo.
Jak 5 : 14 - 15
Si yon moun nan nou malad, se pou l' rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Seyè a.
Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Seyè a va fè l' leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li.
NB : lwil ki itilize pou rityèl la pagen okenn rapò ak maji.
Mwen se yon temwen de efikasite lwil la, papa m ki se Pastè Cavanac Datus e ki gen 35 ane nan ministè toujou itilize l nan moman odinasyon oubyen lè moun malad.

Pa bliye ke Onksyon Sentespri a bay disèneman.
Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt.
Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing.informaticien
Comments