top of page
Rechercher

Kisa w dwe fè si patnè w paka satisfè w seksyèlman?


Pou n komanse, nap diw fè bagay se you n nan eleman esansyèl kap ede koup la epanouyi, kap ede koup la rete soude..


Men kounya si gen you n nan moun yo ki pa satisfè, kisak ka pase?


Ensatisfaksyon seksyèl ka rive nenpòt moun, jèn, mwen jèn, granmoun.. pa gen pyès moun ki epanye.


Pi souvan ensatisfaksyon seksyèl la konn vini, lè patnè yo fèl tounen yon rityèl, lèw an koup fè bagay pa dwe yon abitid men pito yon randevou. Enpòtan☝️

Lòt bagay : lèw kenbe yon sèl pratik detanzantan (lap vin nwizib) sa ka koze ensatisfaksyon seksyèl.


Lèw an koup se tankou se nan yon lekòl ou ye. Ou dwe toujou ap kreye, toujou pote nouvote, lòt pozisyon, ti sipriz sanzatann...

  • Lòt bagay ki ka koze ensatisfaksyon seksyèl se lè youn nan patnè yo pase plis tan nan travay anpil fatig, lè sa vin manke yon fokis you n sou lòt.

Sa vin fè gen youn nan patnè yo ki plis nan bezwen.


  • Dènye bagay : Se lè gen yon bebe ki vini, yon pwòch ki mouri, yon maladi oubyen libido a kòmanse bese. Si li nesesè nan jan de ka sa yo ou ta dwe akonpanye patnè w la jiskaske moman an pase, pandan wap kanalize enèji seksyèl la sou yon lòt bagay.


Solisyon propoze : Si ta gen yon pwoblèm konsa nan fwaye w :

  1. Pale sa avèk patnè w poun jwenn yon solisyon ansan m

  2. Nou kapab priye Sousa pou Bondye kapab bannou direksyon

  3. Chache wè yon seksolog


NB : Toujou fè efò pou nou bay kominikasyon, lamitye ak lanmou premye plas lè jan de pwoblèm sa yo parèt pou nou ka jere yo ansanm.


1 Korint 7 : 3

Se pou gason an fè tout devwa yon mari dwe fè anvè madanm li. Konsa tou, se pou fanm lan fè tout devwa yon madanm dwe fè anvè mari li.


Mèsi paskew te pran titan pouw te gade avèk nou, nap pi kontan toujou siw pataje l avèk yon lòt moun 🙏


Siw ta renmen patisipe avèk nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing. Informaticien

 
 
 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page