Koman w kapab fè pou w tande vwa Bondye kap pale avè w?
- Camille J. Ralph Datus
- 14 janv. 2024
- 2 min de lecture
Dernière mise à jour : 15 janv. 2024

Nan Jan 10 vèsè 27 li di :
Mouton m' yo koute vwa m', mwen konnen yo epi yo swiv mwen
3 pwen kew dwe konsidere
1) Ou dwe konsakre tan pou'w li bib ou
- lè wap li bib ou, gen revelasyon kew kapab jwenn, gen mistè ou kapab pèse.
Menm jan sa ekri nan 2 Timote 3 vèsè 16 :
Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y'ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k'ap fè fòt, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye.
2) Ou dwe renmen priye
- Lè wap priye ou dwe kite kèw louvri, debarasew de tout bagay epi mete w disponib pouw tande vwa l.
_ Epi lè wap priye di egzakteman saw bezwen an.
Menm jan li di nan matye 6 vèsè 7 :
Lè w'ap lapriyè, pa plede repete yon bann pawòl pou gremesi. Se konsa moun lòt nasyon yo fè. Yo mete nan tèt yo Bondye va tande yo si yo pale anpil.
- lèw fin priye pran yon ti moman silans pou w tande l kap pale (anpil fwa nou konn fin priye nou di amen epi nou vire do nou)
3) Tande lot moun kap pale de li.
- anpil fwa li konn pase pa vwa lot moun poul pale ak ou ( men malerezman dèfwa nou konn plis renmen tande tèt nou ke lòt moun)
Menm jan li di nan pwovèb 1 vèsè 5 :
Se pou moun ki gen konesans koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing.informaticien
Bon travay kouz ke Bondye beni w.