top of page
Rechercher

Komanw kapab idantifye misyonw sou tè sa?

Chak moun kap viv gen yon misyon e yon misyon inik.


Jezi te gen yon misyon, misyon l se te poul te bay vi l pou peche lèzòm te ka padone epi rekonsilye yo ak kreyatè a.

Malgre obstak, malgre eprèv li te afwonte tout jouk li reyisi.


Jan 19 : 30

Lè Jezi fin pran vinèg la, li di: Tou sa ki pou te rive rive! Apre sa, li bese tèt li, li mouri.


Lè wap viv sanw pa konnen misyonw ou tankou yon moun kap voyaje sanw pa konn kotew prale. Ou ka gen tout saw bezwen e menm rich poutanw pa janm konble ni ere.


Lè w konnen rezon egzistans ou wap viv byen
  • 3 kondisyon pouw reyalize misyonw


1) Fè yon bagay kew renmen

2) yon don, oubyen yon talan lè wap egzèsel ki fè de ou yon pèsonaj inik.

3)Yon bagay ki itil ak lòt moun.


  • Koman misyonw lan ap manifeste?


Misyonw lan ka manifeste bonè, pi souvan yo konn pale de vokasyon. Li manifeste pa yon talan prekòs ki ka vin estrawòdinè e menm depase entèlijans moun ki nan antouraj ou. Pafwa gen moun ki konn pito rayi moun nan olye li chache misyon pa l.


Anpil moun konn pito al eseye fè sa lòt moun fè pandan yo kite sa yo konn fè a anndan yo ap jemi.

Gen moun ki fèmen(sounwa) swa natirelman oubyen nan fanmi yo pran nesans lan oubyen antouraj yo, moun sa yo ap bezwen ti kout pous pou yo devlope sa yo genyen an.


Imedyatman ou jwenn rezon kifè w egziste a wap briye, lè sa ou pap bezwen fristre oubyen panse lòt moun gen plis chans pasew.


NB : NOU CHAK GEN MISYON PA NOU MENM JAN NOU WÈ NAP CHACHE KONN MISYON NOU AN, SE KONSA LAP CHACHE NOU TOU.


Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏🏽


Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing.informaticien

 
 
 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page