Komanw kapap konnen siw sove?
- Camille J. Ralph Datus
- 27 janv. 2024
- 2 min de lecture

Depiw se kretyen ou dwe konnen siw sove oubyen siw pa sove.
Epitou si ou menm ou pa sove deja komanw ka fè al anonse lòt yo levanjil.
Gen anpil vèsè ki ka montre nou ke nou gen lavi etènèl nan Jezikris
Men sa bib la di nan :
1 Jan 5 : 11 - 12
Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li.
Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a non plis.
Women 10 : 9 - 10
Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Seyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l' leve soti vivan pami mò yo, wa sove.
Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l', se lè sa a Bondye fè l' gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li,
Diferans mvle nou fè jodia ant sali e rekonpans
Sali a gratis e nou genyenl depi kounya, rekonpans lan se lè nou rive nan syèl la, e fok nou travay epi rete fidèl pou n rekonpanse.
Efezyen 2 : 8 - 9
Se gras Bondye fè nou ki fè nou sove, sèlman paske nou kwè. Se pa nou menm ki te sove tèt nou. Se yon kado Bondye te fè nou.
9 Se pa anyen nou te fè pou sa. Konsa, pèsonn pa ka bat lestomak li pou fè chèlbè.
2 timote 4 : 7 - 8
Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen kenbe konfyans mwen fèm nan Bondye.
Koulye a, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Seyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li.
Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l' parèt la, va resevwa l' tou.
Chak fwa w pran yon titan nan tan w pou vizite nou sa fè nou plezi, pa bliye kòmante epi patajel konsa yon lòt a li tou.
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur,ing.informaticien
Comments