Lè labib di pa renmen mond lan ak sak ladan li yo, sa sa vle di?
- Camille J. Ralph Datus
- 20 nov. 2024
- 2 min de lecture

Mond, nan lang grek la se "kosmos" ki vle di linivè ak tout lwa li yo.
Mond lan se yon sistèm ki bati sou ògèy, egoyis, manti, vyolans, konvwatiz, kipidite...
Efezyens 2 : 1 - 3
Te gen yon lè, nou te mouri espirityèlman poutèt peche nou yo epi bagay nou fè ki mal kont Bondye.
2 Wi, se vre, lontan lavi nou te plen ak peche. Nou t ap viv jan lemonn viv. Nou t ap fè volonte lespri k ap dirije pouvwa mechan yo ki nan lè a. Se li menm k ap travay nan lavi moun k ap dezobeyi Bondye yo.
3 Nou menm tou, te gen yon lè nou t ap viv konsa tou; nou t ap fè pwòp tèt nou plezi. Nou te fè tout sa lespri nou ak kò nou te dezire. Konsa, menm jan ak tout lòt moun nan mond lan, nou te merite pou n sibi kòlè Bondye.
Lèw aji selon youn nan prensip sa yo, sa vle di se lespri mond lan kap dirijew. Jeneralman tout sa ki kont lalwa AK volonté Bondye soti nan mond lan.
2 Tim 3 : 2 - 3
Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye.
Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm.
Y'a mòde an trèt, y'a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestonmak yo. Y'ap pito plezi pase sèvis Bondye.
Mond lan se pa yon kote patikilye ni yon aktivite espesyal. Men se fason nou panse ak jan nou viv.
Efezyens 4 : 17 - 18
Se poutèt sa, nan non Senyè a, men sa m ap di nou: Fè atansyon pou nou pa kontinye viv menm jan ak moun ki pa kwè yo. Moun sa yo, panse ki nan tèt yo p ap mennen yo okenn kote.
Lespri yo bouche, yo pa gen lavi Bondye bay la nan yo, paske yo inyoran epi kè yo di.
Mond lan ap fè anpil efò poul enfliyanse kretyen yo ak cham li ak fasilitel. Men..👇
Col 2 : 8
Fè atansyon pou nou pa kite pesonn twonpe nou ak bèl diskou filozòf yo, ak diskisyon ki pa vo anyen. Bagay sa yo soti nan koutim lèzòm, nan jan yo konprann bagay ki nan lemonn. Yo pa soti nan Kris la.
Mèsi paskew te pran titan pouw te gade avèk nou, nap pi kontan toujou siw pataje l avèk yon lot moun 🙏
Siw ta renmen patisipe avèk nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing. Informaticien
Komentar