top of page
Rechercher

Ou paka nwa pouw kretyen 🤔

Opinyon pam✍


Bib la pa yon liv ki rasis, ni tou yon liv kap fè promosyon pou esklavaj men m jan anpil moun di sa.

Bondye renmen tout nasyon kelkeswa koulè w, dayè se li ki kreye nou tout, menm si ke nwa yo gen anpil pwoblèm, yo pa dekante bagay yo, anpil fwa yo mal anseye sa koz ke yo panse tout bagay se mirak ki ka fè yo, sa vin fè ke yo pa sou aprann anyen, ni chèche travay, yo pase preske tout tan yo nan jèn sa lakoz nasyon sa yo toujou mizerab.


Se pa Bondye ki lakoz, men se pito nou menm ki pa jere tan nou paske tout bagay yo byen klase nan bib la.


Menm jan sa ekri nan

Eklezyas 3 : 3

Gen yon lè pou chak bagay. Bondye fikse yon tan pou chak bagay k'ap fèt sou latè


2 Tesalonisyen 3 : 10

Nou chonje lè m' te lakay nou, mwen te di nou: moun ki pa travay pa gen dwa manje non plis.


Donk tout kretyen kelkeswa ras ou, kelkeswa koulèw, kelkeswa kondisyon sosyal ou, ou dwe pèsevere nan lafwa pandan wap tann retou Kris la, pyès moun pap ka sove sou baz etik ni rasyal se selman pa lafwa .


Map kontan siw kite opinyon paw nan kòmantè. Pa bliye patajel bay yon lòt.


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing.informaticien

 
 
 

Commenti

Valutazione 0 stelle su 5.
Non ci sono ancora valutazioni

Aggiungi una valutazione
bottom of page