Poukisa Bondye te renmen pèp Izrayèl konsa?
- Camille J. Ralph Datus
- 5 févr.
- 3 min de lecture

Bondye te gen yon lanmou espesyal pou pèp Izrayèl, jan sa parèt plizyè fwa nan Bib la. Lanmou sa a pa t baze sou merit pèp la, men sou desizyon Sila ki Souvren an. Ann egzamine kèk rezon ki montre poukisa Bondye te chwazi epi renmen pèp Izrayèl la konsa, ak referans biblik pou apiye sa.
1. Bondye te chwazi yo akòz pwomès li te fè a
Bondye te fè yon alyans ak Abraram, Izarak, ak Jakòb, kote Li te pwomèt benediksyon ak desandan yo. Chwa Bondye pou Izrayèl soti nan fidelite Li ak alyans sa a.
Detewonòm 7:7-8 di:
"Se pa paske nou te pi plis pase lòt pèp yo kifè Seyè a renmen nou e li te chwazi nou, e se pa paske nou te pi piti nan tout pèp yo. Men, se paske Seyè a te renmen nou e li te vle kenbe pwomès li te fè ak zansèt nou yo, ki fè li te mennen nou soti ak men fò e li te delivre nou anba chay lesklavaj, anba men farawon, wa Ejip la."
Bondye pa t chwazi Izrayèl paske yo te pi bon pase lòt nasyon yo, men paske li te fidèl ak pwomès li te fè Abraram (Jenèz 12:1-3).
2. Izrayèl te pèp Bondye mete apa
Bondye te mete pèp Izrayèl apa pou l ka sèvi kòm yon nasyon sen ki ta montre limyè li bay tout lòt pèp yo.
Egzòd 19:5-6 di:
"Si nou koute vwa mwen vrèman e nou kenbe alyans mwen, n'a tounen posesyon mwen pi chè pase tout lòt pèp yo, paske tout latè se pou mwen. N'a tounen pou mwen yon wayòm prèt ak yon nasyon sen."
Bondye te vle sèvi ak Izrayèl pou l manifeste glwa li sou tè a, pou lòt pèp yo ka rekonèt li.
3. Bondye te renmen Izrayèl tankou yon papa renmen pitit li
Bondye te gen yon relasyon espesyal ak Izrayèl, tankou yon papa ki gen sousi pou pitit li.
Osé 11:1 di:
"Lè Izrayèl te timoun, mwen te renmen l, e mwen te relel pitit gason m kem fè soti nan peyi Ejip."
Bondye te montre lanmou li pou Izrayèl lè li delivre yo anba esklavaj nan peyi Ejip e li gide yo pandan tout vwayaj yo nan dezè a.
4. Gras ak mizèrikòd Bondye
Menm lè pèp Izrayèl te dezobeyi Bondye epi vire do ba li, li pa t sispann renmen yo. Li te toujou pare pou padone yo lè yo te retounen vin jwenn li.
Ezayi 54:10 di:
"Paske menm si mòn yo ta deplase, ak ti mòn yo ta souke, lanmou fidèl mwen p'ap janm deplase, ni alyans lapè mwen an p'ap janm kraze, di Seyè a ki gen konpasyon pou ou."
Malgre peche pèp Izrayèl, Bondye toujou kenbe lanmou li ak alyans li ak yo.
Konklizyon
Bondye te renmen pèp Izrayèl pa paske yo te espesyal poukont yo, men paske li te chwazi yo, li te fè yon alyans ak yo, epi li te vle sèvi ak yo pou fè konnen non li sou latè. Lanmou Bondye pa t chanje menm lè yo te dezobeyi li. E sa montre jan Bondye fidèl ak konpasyon li san limit.
Bòn nouvèl la sè ke lanmou sa a pa sèlman pou Izrayèl. Men pito atravè Jezi Kris, tout moun ki kwè gen aksè ak menm lanmou an (Jan 3:16, Galat 3:28-29).
Ou panse gen yon lòt rezon kifè Bondye te renmen pèp Izrayèl konsa? Pataje opinyon w!
Mèsi paskew te pran titan pouw te gade avèk nou nap pi kontan toujou siw pataje l avèk yon lot moun 🙏
Siw ta renmen patisipe avèk nou nan gwoup ansèyman Bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing. Informaticien
Comentarios