Poukisa gen tout kretyen sa yo kap chite?
- Camille J. Ralph Datus
- 26 mai 2024
- 2 min de lecture

Anpil gason ak fi pèdi enterè nan frekante yon asanble, lè m pran titan pou m eseye konprann fenomèn nan mjwenn yon kantite rezon mpa di yo tout jistifye men sa ap ede nou konprann feblès ki genyen.
Men kèk rezon ki ka kòz
* Mete ti zanmi nan pòs enpòtan yo.
* Manke transparans nan jesyon finans legliz la.
* Neglijans nan jesyon ka enjistis yo.
* Enposib poum bay opinyon m nan desizyon enpotan yo.
* Yon otorite egzajere nan staf pastoral la.
* Pastè yo bay rezon ak zanmi yo malgre yo antò.
* Mizik yo tèlman fò yo vin nwizib pou tenpan nou e nou paka revandike .
* Lidè yo sèlman enterese ak jèn yo pou ranplase yo san propoze anyen ak ansyen yo.
* Pa gen pyès moun ki pale avèm lè m legliz la.
* Paske m divòse mpreske pa gen plas mwen legliz la yo metem an karantè n.
* Pyès responsab pa vizite m menm ke m malad.
* Menm ke mwen antoure ak kretyen menm toujou santim poukont mwen.
Gen anpil moun mwen konnen ki viktim de neglijans sa yo. Mank de sansiblite ak profesyonalis. Men selsa mkonnen li pa janm twòta pou nou aji yon lòt jan pou n kapab fè valè levanjil Kris la.
Gen yon seri de projè ki gen plis enpotans ke konpasyon pou vèv ak òfelen yo.
Bèlte tanp la ak Kalite sèvis yo pran yon gwo pati nan bidjè legliz la anpil fwa tout aksan sa yo ap mete se pou yo ka antre plis kòb.
Legliz yo youn ap rivalize lòt youn ap mete plis aktivite pou fè plis kòb sa vin rann ke kretyen yo ap pèdi lafwa jis yo oblije kite olye yo viv nan fason sa yo.
Nan kous pou youn fè plis profi ke lòt pawol la vin neglije e moun ki pa kapab yo tou. Malerezman anpil moun ki ta renmen travay pa kapab paske plas yo okipe ak moun ki bay plis ofrann.
Anpil fwa moun yo kite se paske yo santi si yo rete yo pap ka sèvi Bondye vreman. Malerezman yo pa menm jwenn moun al pale avèk yo jiskaske yo konn ale net.
NB : Yon kretyen ki chite se tankou yon solda ki blese ki bezwen sekou.
Mèsi paske w te pran titan pouw te gade avèm, map pi kontan toujou siw patajel ak kek lòt moun 🙏🏽
Siw ta renmen patisipe avèk nou nan gwoup Ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing.informaticien
Comments