Vrè wòl lasèn nan nan lavi kwayan yo.
- Camille J. Ralph Datus
- 3 avr. 2024
- 3 min de lecture

Lasèn nan se pa sèlman manje epi bwè men se sans ke nou bali a.
Apot Paul di nan
1 korint 11 : 29
Si yon moun manje pen sa a, si l' bwè nan gode sa a san li pa rekonèt rapò pen an ansanm ak diven an gen avèk kò Seyè a, se rale l'ap rale yon jijman sou tèt li lè l'ap manje pen an ak lè l'ap bwè nan gode a.
Sa vle di se yon obligasyon pou n disène e konprann sans pratik sa avan nou pranl.
Poutan pou anpil asanble fòk ou pa peche nan semèn yap bay lasèn nan pouw ka gen aksè avèl. 🤔
Jezi te vini pou tout moun ni sa ki te bon e ni sa ki pat bon el te gen plis konsiderasyon pou sa ki pat bon yo.
Mak 2 : 17
Jezi tande sa, li di yo konsa: -Lè yon moun an sante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè. Enben, mwen pa vin rele moun k'ap mache dwat devan Bondye yo, men moun k'ap fè sa ki mal yo.
Kisa lasèn nan ye?
Jan 6 : 53
Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou pa manje kò Moun Bondye voye nan lachè a, si nou pa bwè san li, nou p'ap gen lavi nan nou.
Jan 1 : 14
Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a.
Lè Jezi mande pou nou manje kò epi bwè san l, li envite nou pou n konsome pawòl li ki gen posibilite pou pirifye epi sove nou.
Jan 15 : 3
Nou menm, avèk tou sa m' moutre nou yo, nou deja nan kondisyon pou n' fè volonte Bondye.
Se la Jeremi pwal di
Lasèn pèmèt nou kominike ak Bondye
Jeremi 15 : 16
Lè ou pale avè m', mwen koute tout sa ou di m'. Pawòl ou yo, se tout plezi m'. Yo fè kè m' kontan, paske yo mete m' apa pou ou, Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a.
Jan 6 : 56 - 57
Moun ki manje kò m', ki bwè san m', y'ap fè yonn avè m', epi m'ap fè yonn avè yo tou.
Papa ki voye m' lan, li vivan. Se li menm ki ban m' lavi. Konsa tou, moun ki manje m', m'a ba yo lavi.
Apot Paul fè nou konnen chak fwa nou pran lasèn nap anonse Levanjil.
1 korint 11 : 26
Se konsa, chak fwa n'ap manje pen sa a, chak fwa n'ap bwè nan gode sa a, se lanmò Kris la n'ap anonse jouk jou Seyè a gen pou l' vini an.
Yon sèl jan pou yon moun pran kò Kris la fok Bondye envitel
Jan 6 : 44
Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye m' lan pa rele l' vini. Mwen menm, m'a fè l' leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.
Se Bondye ki envite nou e li fèl san distenksyon.
Lè nou konsome pawòl Bondye sa pèmèt ke li viv nan nou, konsa na toujou pirifye.
Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏🏽
Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing.informaticien
コメント