top of page
Rechercher

Yon fanm ki gen mari ta dwe santil renmen e pwoteje

Nan 1 Korint 11 : 3 li di

Men, mwen vle nou konprann sa byen: Kris la se chèf tout gason, gason se chèf fanm. Bondye se chèf Kris la.


Yon chèf se yon moun ki responsab, yon bon lidè. Se pa yon moun tout sal di se sa, agoch agoch, adwat, adwat, sa lòt moun di pagen valè si se pa li k pale.


Nan Efezyen 5 : 25 li di

Mari yo, se pou n renmen madanm nou menm jan kris la renmen legliz, jis li menm bay lavi l pou legliz la.


Lanmou ke ou dwe genyen pou madanm ou an dwe san limit, menm jan ak Kris ki te bay lavi l pou ou..


Imedyatman ou renmen madanm ou nan nivo sa a, madanm ou pap malad pou w tann se lè l geri pou anndan kay la netwaye, si rad yo sal ou pap gen pwob pou w lave yo depiw disponib,


Se jis ke mvle pou w konnen depiw renmen madanm ou tout bon tach yo pataje, sa madanm ou ka fè ou ka fè l tou.


Malerezman anpil nan nou panse depi nou bay kob oubyen nal chache manje a nou fini🤔


Efezyen 5 : 28

Menm jan an tou, mari yo dwe renmen madanm yo tankou jan yo renmen pwòp kò yo. Yon mari ki renmen madanm li, se pwòp tèt pa l ankò li renmen.


Yon mari ki renmen madanm li men m jan l renmen tèt li, lap konnen se pa li sèlman ki dwe byen abiye paske lè madanm li ap mache yo wè l nan madanm li,


Lap konnen tou li pa dwe leve men l sou madanm li, paske li menm tou li patap renmen moun leve men sou li.


Lè w gen madanm, ou pa gen yon ti esklav, ou gen yon moun ke w dwe mete tèt ou ak li pou w viv lanmou san mezi ke Kris la fè w kado a.


Kolosyen 3 : 18 - 19

Medam yo, se pou n dakò ak lidèchip mari nou. Se konsa pou sa fèt, paske nou se moun Senyè a.


Nou menm mari yo, se pou n renmen madanm nou, epi nou pa dwe mete n an kòlè kont yo.


Pi souvan madanm ou konn pa respekte w paske ou men m tou wap derespektel, e ou konnen fanm sansib e fèb, dèfwa fè ti pale oubyen bay lanmou nan plas kolè ka bay bon rezilta.


Gen ti pwoblèm tout kote, paske se 2 moun diferan kap fonksyone. Men aprann desann lè lot la monte wa wè koman sa ap mache byen pou ou.


Mwen menm madanm mwen Michecar Paulema Datus paka pase yon segond san mwen ni mw yon segond san li, men m ke na l travay nou toujou ap fè kè lot kontan ak bel ti mesaj ❤‍🔥


Fè madanm ou bè l paske lot zanmi ou wè w gen ti zye pou madanm li an se swen l li pran.👍


Mèsi paske w pran titan pouw gade avèm, map plis kontan siw pataje l ak yon lòt.


Siw ta renmen patisipe nan gwoup ansèyman bib la avèk nou klike la 👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing.informaticien

 
 
 

コメント

5つ星のうち0と評価されています。
まだ評価がありません

評価を追加
bottom of page