top of page
Rechercher

Eske Bondye rele tout moun pou gen pitit?

Kesyon si Bondye vle nou gen Pitit ou pa, sa pa depann de nou, pliske li souveren el omnisyan.


Sa nou ka di pito eske se yon obligasyon pou kretyen gen pitit, eske nap ka mennen yon vi ki epanouyi, yon vi dobeyisans a Kris sann pa gen pitit.

Bib la di pitit se benediksyon


Nan Sòm 127 : 3 - 5

Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa.


Menm jan yon sòlda santi li gen kouraj lè l' gen zam li nan men l', se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l' te jenn.


Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l' diskite ak moun k'ap chache l' kont.


Donk benediksyon Bondye bay paran yo ki se pitit se yon bagay enkonparab. Sa pa vle di moun ki pa gen pitit yo Bondye pa beni yo.

Men sèlman pitit yo dwe konsidere kom benediksyon non pa tankou yon fado.


Pafwa Bondye konn delibereman anpeche yon moun gen pitit, menm si li ta anvi sa anpil.


Egzanp Anne te vle gen pitit men Bondye te rann li esteril jiskaske li te vin fè Samuel ki te vin profèt Bondye.


Sara tou te tann anpil tan, li te gen 90 ane lè l te vin fè Isaac.


2 egzanp sa yo ak anpil lòt ankò montre ke Bondye souveren nan tout sikonstans, ni nan fè pitit.


Men m si Bondye di pitit se yon benediksyon ki vini de li, men bib la pa janm di tout koup ki marye oblije gen pitit.


Konsèy : Desizyon pou n gen pitit se nou men m koup yo ki pou pranl devan Bondye, se pou nou reflechi epi priye avan menm nou pran desizyon sa. Menm si pitit se kado Bondye bay, li ka beni e lap beni moun kap mache avèk li nan lafwa.


NB : Lè w bezwen yon bagay fòk ou konvèje tout fòs ou sou li, e fòk nou evite fè bagay nan jenès nou ki ka anpeche nou jwenn sa nou bezwen an.


Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏🏽


Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing.informaticien

 
 
 

1 Comment

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
Rated 5 out of 5 stars.

🙏

Like
bottom of page