Koman ou kapab yon bon mari?
- Camille J. Ralph Datus
- 10 mars 2024
- 2 min de lecture

Egzanp de yon bon mari se Jezi. Li se chef legliz ke nou ye a, e li anseye nou Karakteristik de yon bon chef.
Pasaj sa montre nou avan menm ke legliz te egziste, Jezi malgre tout pouvwa li te genyen li te toujou soumèt ak Bondye el pat janm konn fè anyen san konsilte papa l ki se Bondye.
Menm jan li di nan Jan 5 : 19
Lè sa a, Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pitit Bondye a pa fè anyen pou kò li. Sa l' wè Papa a fè, se sa l' fè tou. Tou sa Papa a ap fè, Pitit la fè l' tou.
Selon Kris yon bon mari, se yon moun ki depann de Bondye a 100%. Sa vle di yon moun ki pap fè anyen san konsilte Bondye.
Yon mari ki depann de papa l ap gen anpil lanmou men m jan avèl, paske se lanmou li te gen pou nou ki fèl te vin mouri pou nou.
Menm jan sa ekri nan
Efezyen 5 : 2
An n mennen yon lavi ki ranpli ak lanmou. An n renmen lòt moun yo, menm jan Kris la renmen nou. Li te bay lavi l pou nou tankou yon ofrann, yon sakrifis yo ofri bay Bondye epi ki fè Bondye plezi ak bon sant li.
Donk selon sa Pawòl la fè nou konprann, yon bon mari se yon moun ki gen karaktè Kris.
Sa vle di yon moun ki ta renmen byen jwe wòl mari l dwe rete atache ak Jezi ki se vrè cep la,
Se konsa wap ka resevwa direktiv pou koup ou a.
Sa pap toujou fasil, men toujou kite kèw dispoze epi fè l konfyans li fidèl lap edew mennen byen responsablitew antanke mari.
Kèk Karakteristik de yon bon mari
* Onèt
* Plen lanmou
* Anpil respè
* Ki gen vizyon
* Ki pasyan
* Ki fidèl
* Ki pwotektè
Mèsi paskew te pran ti tan pouw te gade avèm, map plis kontan toujou siw pataje l ak yon lòt 🙏
Siw ta renmen patisipe avek nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing.informaticien
Comments