Eske se yon peche siw souse pou patnè w?
- Camille J. Ralph Datus
- 14 nov. 2024
- 2 min de lecture

Pou n komanse nap di pagen yon kote nan labib ki entèdi sa klèman youn paka souse pou lòt.
Men m jan an tou pagen yon kote nan bib la ki di klèman nou pa dwe fimen, men avèk entelijans ke nou genyen nou kapab konprann ke nou pa dwe fèsa. Paske men m sou bwat sigarèt la li make li ka bay gwo pwob santé sa vle di li gen kapasite pou li abime poumon nou, li ka ba nou kansè...
Se menm jan pou ou menm kap pratike : "beze nwa" daprè syantifik yo li kapab danjere pou santew li ka ba ou : kansè nan gòj, gwat, Kari dantè...
Sevre pagen yon vèsè ki pale de sa klèman, men Ann gade sa apot Pòl di nan :
Rom 1 : 27
Se konsa tou, gason derefize sèvi ak fanm jan sa te dwe fèt. Yo pran dife yonn pou lòt: gason fè malpwòpte ak gason parèy yo. Yo pèdi tèt yo nèt. Men tou, yo resevwa nan kò yo pinisyon yo merite a.
NB : Pandan wap pran plezi w pa bliye ke ou dwe proteje tèt ou.
1 Korint 6 : 19
Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò.
Mèsi paskew te pran titan pouw te gade avèk nou, n'ap pi kontan toujou siw pataje l avèk yon lòt moun 🙏
Siw ta renmen patisipe avèk nou nan gwoup ansèyman bib la klike sou lyen sa 👇
Camille Jean Ralph Datus,
Pasteur, ing. Informaticien
Bon travail