top of page
Rechercher

Eske tout sa ki nan Bib la se pawòl Bondye?

Bib la se yon liv sakre ki genyen 66 liv ki varye nan kontni, estil, ak objektif. Li gen ladan l istwa, pwofesi, lodyans, kantik, ak lèt ki te ekri pa otè divès pandan plizyè syèk. Men, yon kesyon fondamantal anpil moun poze se: "Eske tout sa ki nan Bib la se pawòl Bondye?" Pou reponn, nou dwe konsidere jan Bib la defini tèt li ak entèpretasyon nou jwenn nan Ekriti yo.


1. Bib la prezante tèt li kòm pawòl Bondye

Nan Bib la, anpil tèks fè konnen ke Bondye te dirije moun ki te ekri yo. 2 Timote 3:16 di:

“Tout sa ki ekriti nan bib la se nan Lespri Bondye a yo soti e yo itil pou anseye, reprimande, korije, ak fòme moun nan jistis.”

Sa montre ke Ekriti yo pa jis yon kreyasyon imen. Olye de sa, Bondye te itilize otè yo kòm enstriman pou ekri mesaj li.


2. Moman lè Bib la site pawòl imen

Yon bagay ki enpòtan pou konprann sè ke Bib la gen pawòl ki soti nan divès sous, tankou pawòl moun, zanj, ak menm Satan. Egzanp:

  • Nan Jenèz 3:4, li rapòte manti Satan te di Èv:

    “Nou p ap mouri non.”Sa a pa t pawòl Bondye, men li rapòte fidèlman sa ki te di a.

    Sa montre ke pa tout pawòl nan Bib la se pawòl dirèk Bondye, men tout gen yon plas nan plan revelasyon li.


3. Dieu itilize istwa pou montre volonte li

Bib la gen anpil istwa moun ak nasyon ki reflete bon ak move aksyon yo. Sa ki ekri yo pa toujou apwouve pa Bondye, men yo montre kijan volonte li te fèt nan mitan peche ak enpèfeksyon. Egzanp:

  • Nan 2 Samyèl 11, istwa David ak Batcheba montre yon seri peche grav, men Bib la sèvi ak istwa sa a pou montre konsekans peche ak mizèrikòd Bondye.


4. Pawòl Jezi Kris: Verite final Bondye

Nan Nouvo Testaman an, Jezi Kris vin kòm pawòl Bondye ki fèt chè (Jan 1:14). Pawòl li yo, selon Jezi menm, se verite:

“Syèl la ak tè a ap pase, men pawòl mwen yo p ap janm pase. (Matye 24:35)

Se atravè Jezi Kris nou jwenn entèpretasyon final tout sa ki nan Bib la. Tout sa ki te ekri anvan yo te lonbraj nan verite Kris la pote (Ebre 10:1).


5. Bib la : Yon gid inifye

Malgre diferan sous ak estil ekriti yo, Bib la rete yon liv ki ini paske lespri Bondye te enspire l. Selon 2 Pyè 1:21:

“Paske okenn pwofesi pa janm soti nan volonte imen, men se lè yo te anba direksyon Sentespri ke moun te pale sou non Bondye.”

Konklizyon

Wi, tout sa ki nan Bib la gen orijin nan Bondye, swa dirèkteman (pawòl li yo), swa endirèkteman (istwa ak temwayaj ki montre kijan Bondye ap travay nan lavi imen). Men, li enpòtan pou li Bib la avèk bonjan entèlijans espirityèl pou distenge ant sa ki se pawòl Bondye, sa ki se pawòl imen, ak sa ki se deskripsyon evènman. Bib la rete yon gid enfayib pou lavi espirityèl nou, jan Sòm 119:105 di:

“Pawòl ou se yon lanp pou pye m, yon limyè pou chemen m.”

Mèsi paskew te pran titan pouw te gade avèk nou

Nap pi kontan toujou siw pataje l avèk yon lot moun 🙏


Siw ta renmen patisipe avèk nou nan gwoup ansèyman Bib la klike sou lyen sa 👇


Camille Jean Ralph Datus,

Pasteur, ing. Informaticien

 
 
 

תגובות

דירוג של 0 מתוך 5 כוכבים
אין עדיין דירוגים

הוספת דירוג
bottom of page